Accessibility links

Breaking News

Tranblemandtè ak Sounami Fè Plis ke 50 Mò sou Zile Samoa -- Tanpèt Touye Preske 300 Moun Nan  Azi Sidès.


Yon tranblemandtè ki fèt sou zile Samoa yo pwovoke yon sounami ki touye omwen 53 moun tandiske gen plizyè santèn lòt ki blese. Daprè otorite yo, gen 31 ka lanmò pou pi piti ki konfime sou il Samoa e 22 sou iI Samoa amerikèn nan.

Sepandan yo atann yo aske kantite mò yo ogmante. Yon espesyalis nan Sant Jewolojik Ameriken an fè konnen tranblemandtè a ak sounami an te gen fòs ase pou yo fè gwo dega; men, daprè li, yo pa fè tout destriksyon yo te ka koze. Nap site:

«Si sa te rive nan yon rejyon kote anpil moun abite, fenomèn sa a te gen kapasite pou l koze gwo dega grav, gwo domaj seryezman.

Nou gen chans sa pa rive nan yon zòn ki genyen yon gwo popilasyon.»

Yon lòt kote, yon gwo kokenn tanpèt fè gwo dega pandan lap pase sou anpil peyi nan rejyon Azi Sidès la, peyi tankou Kanbòdj, Vyetnam ak Filipin. Bilan pwovizwa: 298 mò.

XS
SM
MD
LG