Accessibility links

Breaking News

Ann Almay, Chanselye Angela Merkel ap Chache Fòme yon Nouvo Gouvènman Kowalisyon


An Almay, aprè viktwa pati chanselye Angela Merkel la (Pati Demokrat-Kretyen an) ranpòte nan lejislitiv dimanch pase a, chèf gouvènman alman an ap fè plan pou l fòme yon nouvo gouvènman kowalisyon avèk Pati Liberal demokrat la (FDP) ki plis an favè sektè komès ak endistri a. Lidè FDP a, Guido Westerwelle, bay presizyon sou rezon ki fè pati l la vle jwe yon wòl ki pi aktif e pi reyèl nan gouvènman an.

“Sa nou vle kounyela a, se pou n gen menm pwa nan gouvènman an ak Pati Demokrat Kretyen an. Paske nou vle gen asirans gouvènman an aplike yon sistèm task ki jis, pou pèp la genyen yon pi bon chans pou l jwenn edikasyon e ke otorite yo respekte dwa sitwayen yo ankò.

Imedyatman aprè viktwa pati Madam Merkel la nan eleksyon dimanch la, li te pale pou l montre li byen konprann li fèt pou l rete nan sant politik la si l vle konsève popilarite l. Chanselye Merkel di : “Plan mwen se pou m travay kòm chanselye tout sitwayen alman, yon bagay ki nesesè nan yon epòk kote peyi a ap travèse yon gwo kriz ekonomik".

”Nan eleksyon lejislativ dimanch pase a, majorite elektè alman yo te vote pou yo wete sou pouvwa a Pati Sosyo-Demokrat la, ki te dirije peyi a an kowalisyon ak pati madam Merkel la, Pati Demokrat-Kretyen-an, pandan 4 tran ki pase yo.

Jdesmara@voanewscom
XS
SM
MD
LG