Accessibility links

Breaking News

Ondiras Menase pou l Revoke Estati Diplomatik Anbasadè Brezilyen an nan Tegucigalpa


Nan peyi Honduras, gouvènman de facto Roberto Micheletti ap dirije a, menase pou l revoke stati diplomatik anbasadè Brezilyen an nan kapital la, Tegucigalpa. Minis afè etranjè gouvènman pwovizwa a, Carlos Lopez, ki tap pale yè dimanch la, fè konnen gouvènman brezilyen an gen responsablite nan kriz politik la nan Honduras, paske anbasad Brezil la kontinye bay prezidan dechouke a, Manuel Zelaya, azil nan misyon diplomatik sa a.

Prezidan brezilyen an, Luiz Lula Ignacio da Silva, rejte ultimatum 10 jou gouvènman Micheletti a bay otorite Brezil yo pou yo mete mesye Zelaya deyò nan anbasad la.

Yè dimanch la, gouvènman pwovizwa Honduras la fè parèt yon dekrè kote l mete restriksyon sou libète sivil, yon desizyon ki bay otorite yo dwa pou yo fèmen medya yo e entèdi reyinyon li pa otorize. Dekrè sa a bay otorite yo tou dwa pou yo fè arestasyon san manda.

Dekrè sa a parèt yon jou avan yon gwo mach ki fikse pou lendi 28 septanm nan ki fè 3 mwa depi lame te bay prezidan Zelaya yon kou-deta nan dat 28 jen pase a.

Menm yè dimanch la, gouvènman de facto Honduras la te pran desizyon pou l mete deyò yon delegasyon Òganizasyon Eta Ameriken (OEA) ki te vle fè negosyasyon sou sitiyasyon politik la nan peyi a. isit Washington, l'OEA fikse yon rankont dujans lendi sou evolisyon sitiyasyon an nan Honduras.

Jdesmara@voanews.com

XS
SM
MD
LG