Prézidan ayisyen an René Préval fè yon diskou nan LONU kote l apiye pwopozisyon pou renouvle manda misyon nasyon zini pou stabilizasyon ann Ayiti a, Minustah. Lidè ayisyen an di gen pwogrè ki fèt ann Ayiti, tankou retablisman sekirite, respè dwazimen, lit kont koripsyon. Li di peyi a gen yon près lib e endepandan.
Msye Préval remèsye sekretè jeneral LONU Ban Ki-moon poutèt li chwazi ansyen prezidan Etazini Bill Clinton kòm anvwaye spesyal LONU ann Ayiti.
Lidè peyi dAyiti a denonse sa li rele mwatye abitan planèt tè a kap viv nan privasyon avèk inegalite ki ekziste. LI lanse apèl an favè devploman ki pou fasilite stabilite e kap ede elimine depandans.
Prezidan Préval denonse tou sitiyasyon an nan peyi Onduras, kote militè te voye prezidan eli a Manuel Zelaya ann ekzil. Sepandan, Msye Zelaya te retounen nan peyi li e li trouve l nan anbasad peyi Brezil la nan vil Tegucigalpa.
Si ou vle koute tout diskou prezidan Préval fè nan asanble jeneral LONU an jedi 24 septanm 2009 la, klike sou lyen ki anlè a adwat atik sa a.