Espesyalis komunikasyon an ensiste sou diferans ki egziste ant grip sezonye a ak grip pòsin nan. Misye Rutz di anpil moun panse yo konnen tou sa yo te dwe konnen sou virus H1N1 an, poutan gen anpil bagay pou yo aprann toujou sou virus la, nan moman li kontinye ap gaye.
Li esplike ki jan sistèm iminitè kretyen-vivan pa prepare pou konbat virus la e sa kite kò a san pwoteksyon. Se yon virus ki fè anpil moun malad e li simaye rapid. Se rezon sa a ki fè direktris Oganizasyon Mondyal Lasante a (OMS) Margaret Chan, te deklare l’ yon pandemi nan mwa jen 2009 la e mande moun pran anpil prekosyon pou yo pa trape li.
Rekòmandasyon OMS pou moun pwoteje yo se: lave men nou otan de fwa sa nesesè, touse nan manch chemiz nou, nan bra nou (men nan nivo koud la) si nou pa gen mouchwa; pa ale nan travay si nou santi sentòm grip la, pa vwayaje, rete lwen moun nou konnen ki kontamine ak virus la, e si nap pran swen moun ki malad, pran prekosyon e mask nan figi nou pou nou pa respire nan nen nou lè ki nan aviwonnman pasyan an.
Espesyalis komunikasyon CDC a, Dan Rutz, fini pa di: sa pap pran lontan pou genyen yon vaksen kont virus H1N1 an Ozetazini. Li di vaksen sa a ap san danje; e yo pa atann aske li deklanche twòp efè segondè.
Etazini ak plizyè lot peyi pwomèt pou yo pataje 10 pousan nan stòk vaksen yo pou ede peyi pi pov yo lite kont virus A H1N1 an.