Accessibility links

Breaking News

Cruz Azul Kalifye pou Kar de Final Lig Chanpyon an


Foutbòl/ KONKAKAF

Klub Meksiken Cruz Azul tounen premye klub nan KONKAKAF la ki kalifye pou kar de final Lig Chanpyon KONKAKAF la apre viktwa 2 a 0 yo ranpòte devan Colombus Crew yè swa nan Kolonbus Ohio.

Klub Trinidadyen W Connection wouze klub Communicaciones ak yon viktwa 3 a 0 pou l konsève espwa pou l kalifye pou pwochen faz la.

Toluca tronse San Juan Jabloteh 3 0 pou l mete l pi prè kalifikasyon pou kar de final la. Seleksyon feminen U-20 Surina m nan fè match nul 1 a 1 ak Barbad.

Foutbòl / Eròp

Unyon Foutbòl Eropeyen an vann dwa retransmisyon koup dEròp dè Nasyon an nan yon antant ki garanti yon minimum 27 match sou 31 ap difuze nan televizyon gratis nan 29 peyi sou 36. Antant la pa kouvri peyi tankou la Grand Bretay, Almay ak Espay. Unyon Eròp la gen plan pou l vann dwa retransmisyon an dirèkteman ak peyi sa yo.

Oprah / Je Zolenpik

Vedèt televizyon ameriken Oprah Winfrey supòte kandidatu vil Chikago pou akeyi je zolenpik yo an 2016. Premye da m ameriken an Michelle Obama ap nan tèt delegasyon ameriken kap nan Coppenhag 2 Oktòb jou komite Olenpik Entènasyonal la ap anonse vil kap akeyi konpetisyon an. An plis de Chikago nou jwen Madrid, Tokyo ak Rio de Janeiro.

XS
SM
MD
LG