Accessibility links

Breaking News

Yon Dezyèm Pwogram Lib Tribinn VOA Sou Alfabetizasyon ann Ayiti


Pi fò oditè nan lemond ki patisipe nan dezyèm pwogram Lib Tribinn 23 septanm Lavwadlamerik la te oryante kesyon yo sou sa ki ta dwe fèt pou redui to analafabèt yo nan peyi Dayiti.

Ekspè ki tap reponn kesyon yo, sekretè deta alfabetizasyon an, Mesye Carol Joseph, ak ansyen responsab pwojè "Education pour Tous" la, Doktè nan edikasyon Kenold Moreau, te idantifye obstak ki ralanti kanpay alfabetizasyon an. Sekretè Deta alfabetizasyon an fè konnen mank resous finansyè anpeche l atenn objektif li ki se alfabetize anviwon 3 milyon mounn sou yon peryod 3 zan, a rezon de 400 mil moun chak ane.

Anviwon 70 mil moun nan peyi Dayiti rive aprann li ak ekri ane sa a gras a yon kanpay sekreteri deta alfabetizasyon mete sou pye depi 3 zan nan peyi a. Pwojè sa a bezwen yon bidjè 2 milya 500 milyon goud, swa 83 milya dola ameriken. Mesye Joseph fè konnen bayè de fon yo pa debloke tout lajan yo pwomèt leta aysiyen nan kad kanpay sa a.

2 ekspè yo te pwopoze kèk strateji ki te ka pèmèt kabay alfabetizasyon an bay plis rezilta. Kenold Moreau ak Carol Joseph kwè ke sansibilizasyon ak patisipasyon sitwayen yo, sektè prive a nesesè anpil pou reisit kanpay la.

Dapre sekretè deta alfabetizasyon an, Carol Joseph, to analfabèt yo nan peyi a subi yon bès konsiderab kote li soti nan 85 pousan pou l tonbe a 49 pousan.

jleroy@voanews.com

XS
SM
MD
LG