Accessibility links

Breaking News

Lapolis Pòtoprens Arete Mesac Damas Pou Entèwogatwa Sou Asasina 6 Manm Fanmi li


Lapolis nan peyi d Ayiti arete jodi a yon nèg yo tap chache pou entèwoje l' sou asasina madanm ni ak 5 pitit li semèn ki sot pase a, nan vil Naples, ki alwès Miami, nan eta Florid. Frantz Lerebours, ki se Pòt-pawòl Polis Nasyonal d Ayiti, konfime nouvèl arestasyon Mesac Damas, 33 zan, nan mikwo Jn-Pierre Leroy (ou kapab koute deklarasyon Komisè a sou ralonj ki anwo, adwat paj la).

Komisè Frantz Lerebours deklare aksyon rapid Polis la lanse sou ka a se yon mesaj, yon avètisman, pou tout kriminèl oubyen sispèk ki ta panse y'ap jwenn refij ann Ayiti, apre yo fin fè zak aletranje.

Nan eta Florid, nouvèl asasina madanm ak 5 pitit Mesac Damas yo pwovoke gwo lapenn. Jounalis Pierre-Nazon Beaulière ki te pale ak Chérubin Dorcil depi Miami di gen yon nouvo eleman ki antre nan dosye a jodi a, anpalan de pwòp papa akize a ki deklare bay laprès lokal nan Naples ke Mesac Damas kapab komèt krim nan vre.

Ankèt otorite yo ap kontinye. Apremidi a pat' ko gen deklarasyon ofisyèl sou sa yo pral fè ak Mesac Damas, si y'ap voye l' ozetazini ou si y'ap kenbe li ann Ayiti. Sepandan, Komisè Lerebours te senpman siyale ke se sou teritwa ameriken krim nan te komèt.

Fè klik sou ralonj anwo, adwat paj la pou w koute Komisè Frantz Lerebours ak Jounalis Pierre Nazon Beaulière.

XS
SM
MD
LG