Accessibility links

Breaking News

Washington Anile Tout Dèt Ayiti Vizavi Etazini


Anbasadè ameriken an nan peyi Dayiti, Kenneth Merten, ak minis finans ayisyen an, Daniel Dorsainvil, siyen yon akò pou anile tout dèt repiblik karibeyen an te kontrakte vizavi Lèzetazini, dapre yon kominike misyon diplomatik ameriken an pibliye vandredi nan kapital ayisyen an, Pòtoprens.

Akò sa a, ki se yon privilèj sèlman Etazini bay peyi pòv kap kofre anba dèt (PPTE) e ki reyalize bon jan refòm nan ekonomi ak nan finans yo, pèmèt gouvènman ameriken an anile 12.6 milyon dola dèt bilateral Ayiti genyen pou li.

Anbasadè Merten felisite minis Dorsainvil ak gouvènman ayisyen an pou efò yo deplwaye pou kontwole depans leta--efò li rele "responsablite fiskal".

Kominike anbasad la di Ayiti reyalize ak siksè refòm ki te nesesè pou donatè entènasyonal yo (bilateral ou miltilateral) soulaje chay dèt kap peze sou do li yo.

Refòm ekonomik e finansye yo se te premye kondisyon pou Ayiti ranpli pou l te kapab benefisye soulajman sa a ki kapab rive jiska anilasyon 1 milya dola.

Ayiti espere, antanke bon elèv, li va benefisye plis rediksyon dèt toujou, jan sa prevwa nan akò gwoup ki rele Club De Paris a te siyen ak li 8 jiyè ane sa a. Jou sa a, kreyansye Club la yo (Canada, France, Italie ak Etazini) te dakò pou anile 62 milyon dola pou Ayiti.

Ayiti dwe Club Paris a 214 milyon dola. Gwoup la sipoze anile 152 milyon dola dèt nasyon karibeyen an genyen vizavi li, sa ki pratikman pral elimine totalite dèt peyi a pou Club Paris a.

XS
SM
MD
LG