Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta Clinton Felisite Plizyè Peyi Latino-Ameriken Ki Selebre Endepandans yo Semèn Sa a


Sekretè Deta ameriken an Hillary Clinton deklare kriz politik politik ki divize jounen jodi a peyi Honduras la reprezante yon sous laperèz ak tristès e li di li gen espwa peyi ap repran anvan lontan wout demokrasi.

Chèf diplomasi amerikèn nan fè deklarasyon sa a nan kad yon seri kòmantè li fè sou peyi nan Amerik Santral la ki selebre anivèsè endepandans yo madi 15 septanm 2009 la.

Madam Clinton gen espwa tou Honduras, ki sekwe ak desizyon lame te pran nan mwa jen an pou arete e voye ann egzil prezidan Manuel Zelaya, r va reprann sans li pou rebati santiman solidarite nan mitan salvadoryen yo e enspire inite olye divizyon ak dekourajman.

Sekrete Deta ameriken an felisite Costa Rica, Salvador, Guatemala ak Nicaragua nan kad selebrasyon endepandans yo. Tout 5 peyi sa yo te pran endepandans nan peyi Espay nan dat 15 septanm 1821.

XS
SM
MD
LG