Accessibility links

Breaking News

Etazini Lanse yon Pinga Bay Venezuela Kap Ogmante Kapasite Militè l 


Etazini voye yon pinga bay Venezuela ki anonse nan jouk sòt pase la yo lap ranfòse lasnal zam li---yon aksyon ki ka reprezante, dapre Washington, yon danje pou rejyon an.

Pòtpawòl Depatman Deta Ian Kelly deklare lendi 14 septanm sa a , volonte Venezuela pou ogmante kapasite militè l poze yon defi pou stabilite nan emisfèr oksidantal la. Mesye Kelly egzòte Caracas pou l respekte obligasyon n konsènan trete pou nasyon yo pa simaye zam nukleyè sou planèt la.

Prezidan Hugo Chavez te anonse, Larisi dakò pou l prete peyi li plis pase 2 milya dola pou l depanse nan achte zam–pami zam sa yo genyen tank ak avyon anti-misil ris.

Prezidan Chavezpresize nan akò sou acha sa a / ke l' te siyen pandan vizit li te fè (sa pa gen twò lontan) nan Moskou a / genyen 92 tanktip T-92 ak yon sistèm anti-misil S-300.

Misye Chavez raple tou angajman li pran pou l devlope yon pwogram enèji nukleyè ki pa gen objektif militè---yon pwojè Venezuela ap realize ak asistans peyi Larisi.

Dènye akizisyon sa yo enskri yon kous nan zafè zam moun ka konstate nan rejyon Amerik Latin nan. Mwa dènye a se te Brezil ki tap negosye ak Lafrans pou achte zam ak avyon degè nan men Lafrans.

XS
SM
MD
LG