Accessibility links

Breaking News

Plizyè Jounalis Ayisyen Ap Patisipe Nan Yon Seminè Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik La


10 jounalis ayisyen ki se korespondan Sèvis Kreyol Lavwadlamerik la nan divès depatman jeografik peyi Dayiti kòmanse jounen 14 septanm nan yon seminè fòmasyon nan Washington DC.

Sèvis Kreyòl la te swete travayè laprès yo byenveni nan yon seremoni li òganize an lonè yo. Direktè jeneral Lavwadlamerik la, Dan Austin, Direktè divizyon Amerik Latinn nan, Alberto Mascaro, Chèf Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la, Ronald César ak anbasadè Ayiti a nan Ozetazini, Raymond Joseph, se kèk pami pèsonalite ki te prezan nan seremoni sa a.

Seminè fòmasyon sa a kap dire yon semèn, posib gras a patronaj seksyon kiltirèl anbasad Lèzetazini nan Pòtoprens ak Sèvis Kreyol Lavwadlamerik la.

Klike sou ralonj ki anlè e adawt paj web la pou koute dènye nouvèl Lavwadlamerik yo

XS
SM
MD
LG