Accessibility links

Breaking News

Pèp Ameriken an ap Make 8èm. Anivèsè Atak Teworis 11 Septanm 2001 yo


Jodi vandredi 11 septanm 2009 la make 8èm. anivèsè atak ki te fèt sou Lèzetazini nan dat 11 septanm 2001. Atravè tout peyi a otorite yo ak pèp la ap make jounen sa a avèk sèvis relijye espesyal e travay volontè, tandiske drapo nasyonal ameriken an monte a demi-ma. Prezidan Obama dekrete jou 11 septanm nan "Yon jou nasyonal sèvis ak souvni." Sepandan, gen obèsèvatè ki kritike desizyon pou ameriken yo òganize seremoni espesyal pou make jounen 11 septanm nan; paske, daprè obsèvatè sa yo, seremoni konsa kapab distrè pèp la pou l pa sonje tout viktim atak 11 septanm 2001 yo te koze nan peyi a.

Preske 3 mil moun te pèdi lavi yo nan atak sa yo kote teworis te detounen 2 avyon pou al fè yo kraze sou 2 tou World Trade Center, nan New York; yon lòt avyon yo te detounen t al tonbe sou Pentagòn nan --kidonk, sou lokal Depatman Defans Lèzetazini an ki tou prè Washington-- tandiske yon dènye aparèy te kraze nan yon plantasyon nan vil Shanksville nan Eta Pennsilvani. Nan okazyon 8èm. anivèsè atak sa yo, Prezidan Obama genyen pou l preside yon seremoni ki pral dewoule nan Pentagòn-nan, tandiske Vis-Prezidan Joe Biden pral pran lapawòl nan yon seremoni ki pral fèt nan New York, epi ansyen sekretè-deta e ansyen kòmandan Wo Eta Majò lame amerikèn nan, Collin Powell, pral nan tèt yon seremoni k ap deroule nan Pennsilvani.

Jdesmara@voanews.com
XS
SM
MD
LG