Accessibility links

Breaking News

Chanpyona Foutbòl Zèpòl Ameriken an Demare


Foutbòl/ Etazini

Chanpyon an tit foutbòl zèpòl kare ameriken an Pittsburg Steelers te bezwen pwolongasyon pou l kale Tennessee Titans 13 a 10 nan okazyon ouvètu sezon an. Pifò rankont yo ap jwe Dimanch epi 2 lòt rankont fikse pou Lendi pou konplete premye semen chanpyona a.

Demen Samdi a chanpyona foutbòl balonwon amerikan ap rapousib lè Seattle ap vizite DC United kap chache kalifye pou faz final la. New York Redbulls ap akeyi Kansas Citi. Chikago Fire ap fè yon kout pye lakay Real Salt Lake. Los Anjeles Lakers ap akeyi Dallas.

Tennis

Arjanten Juan Martin del Potro kalifye pou semi final tounwa tenis US Open nan apre yon rankont marathon li jwe fas Kwat Marin Cilic 4-6, 6-3,6-2, 6-1. Del Potro ap rankontre venkè rankont kap jwe ant espayòl Rafael Nadal ak chilyen Fernando Gonzalez nan semi finall a. Bò kote meda m yo jodi a Serena Williams ap rankontre bèlj Kim Clijters nan semi final la.

Atletisme

Federasyon Atletik Entènasyonal la resevwa rezilta tès ki te fèt pou detèmine sèks reyèl atlèt Sud Afrken Caster Semenya. Federasyon an di li poko ap diskite rezilta a pazavan yon group ekspè ekzamine rezilta a answit ak atlèt la. Sepandan responsab yo di kèlke swa rezilta a atlèt la pap pèdu meday dò li te ranpòte nan kous 800 mèt akoz dosye a pa gen oken rapò ak dopaj. Yon jounal an Ostrali rapòte rezilta a revele atlèt la gen ògan maskilen ak feminen.

Baskètbòl

Responsab NBA yo ap entrodui nan koulwa selebrite a Michael Jordan, David Robinson, John Stockton antrenè Jerry Sloan ak C Vivian Stringer.

XS
SM
MD
LG