Accessibility links

Breaking News

Gadkòt Lèzetazini Retounen 164 Imigran Ilegal nan Vil Cap-Haïtien


Gadkòt ameriken retounen mèkredi (9 septanm 2009) sou wàf vil Kap-Ayisyen 164 klandesten ayisyen ki tap eseye ale ilegalman Ozetazini, selon yon piblikasyon anbasad ameriken fè parèt jedi 10 septanm nan Pòtoprens, kapital Ayiti.

Patwouy gadkòt Lèzetazini te bòde bato imigran klandesten yo--yon vwalye 35 mèt longè chaje kou legbal--lendi toupre zile Grandes Inagues. Pami 164 pasaje yo genyen 130 gason, 31 fi ak 3 tigason. 2 nan medam yo deklare yo ansent, men tout rès moun yo an bòn sante. Gadkòt detwi kanntè a ki te reprezante, dapre yo, yon malè-pandye si l' ta dwe repran lanmè ankò.

Nan piblikasyon sa a, misyon diplomatik Etazini an fè konnen "gouvènman ameriken ak gouvènman ayisyen ap kontinye travay ansanm pou pwoteje lavi moun gadkòt rankontre sou lanmè nan tibato po pistach, e ranfòse akò Etazini pase ak Ayiti pou yo lite tou kont trafik dwòg. Nan kad kolaborasyon sa a, 2 peyi yo ap fè patwouy nan lanmè e boukante enfòmasyon ant inite gadkòt yo."

Anbasad la di pèsonèl gadkòt ameriken ede anpil viktim trafikan ou viktim lòt endividi ke eleman sa yo teabandonnen nan mitan lanmè e dechèpiye tout lajan yo, ou byen ke yo bat ou abize seksyèlman. Gouvènman ameriken an konseye e rekòmande tout moun ki ta gen entansyon vwayje legalman Ozetazini pou yo pa pran kalte risk sa yo e rete pito an sekirite nan peyi yo. "Vwayaj anba chal ilegal e yo chaje danje", selon anbasad ameriken an.

Pou fini anbasad Etazini an fè tout moun sonje ke "pou pwoteje fwontyè li e fè respekte lwa imigrasyon lakay li, Lèzetazini deplwaye bato gadkòt nan dlo lanmè ak avyon nan lèzè pou fè patwouy" e ke ya p' retounen tout imigran kap eseye rantre ilegalman pa bato Ozetazini. "Si moun bezwen antre legalman Ozetazini yo kapab konsilte pwosedi yo dwe suiv pou reyalize objektif sa a." E li envite yo vizite sit entènèt anbasad amerikèn nan sou ralonj sa a:

http://haiti.usembassy.gov/

XS
SM
MD
LG