Lapolis antre mèkredi apre midi nan Fakilte Medsin ak Famasi a (FMF) nan Pòtoprens e deloje etidyan ki te okipe lokal la depi lendi 7 septanm nan pou fòse responsab yo satisfè revandikasyon yo.
Etidyan yo ap reklame refòm ak revokasyon doyen fakilte a. Mèkredi maten, dekana a ak chèf depatman Fakilte Medsin nan te anonse yo fèmen fakilte jiska nouvèl òd. Men vè 11 zè, sitiasyon an ta pra l' pase nan yon lòt faz, lè sou yon radyo nan kapital la, Pòtoprens, pòtpawòl polis Nasyonal la, Frantz Lerebours, te bay etidyan yo "ultimatum" sa a : yo genyen jiska 2 zè apremidi, lè Ayiti, pou yo kite pasifikman fakilte a osnon lapolis pral fè yo vide lè lye".
Misye Lerebours presize se rektora Inivèsite Deta Dayiti ki mande entèvasyon lapolis pou degèpi pwotestatè e kontestatè yo si yo pa koute apèl degèpisman responsab FMP a ak lapolis.
Men jiska 3 zè edmi, inivèsitè yo te toujou nan Fakilte a... e sètalò twoup espesyal Swat Team ak CIMO (Kò entèvansyon ak mentyen lòd) deside antre nan fakilte a pou deloje inivèsitè yo. Delojman an dewoule san vyolans, men lapolis entèpele apeprè yon ventèn etidyan devan je Jij de Pè Gabriel Ambroise ki te sou plas nan moman entèvansyon an.
NB. Klike sou ralonj ki anwo e adwat atik sa a pou n' tande jounalis Eric Solon Ulysse ap dekri nou operasyon an.