Accessibility links

Breaking News

Labor Day (Fèt Travay la)


Chak ane, e chak premye lendi mwa septanm, Lèzetazini obsève yon jou pou onere kontribisyon travayè yo nan pwosperite ak nan puisans nasyon an. Lide ke travay se yon aktivite valab e menm nòb remonte depi nan tan benbo. Nan liv Pwovèb yo, Pwovèb 22 vèsè 29: nou li: Eske ou konn yon nonm ki konnen metye li e fè l' byen ? Enben, se yon nonm ki gen plas li kay mouche wa, olye li rete nan mitan moun "like this like that" !

Ozetazini kwayans sa a te pran nesans depi plis pase yon santèn lane. Selebrasyon fèt travay la, antanke jou konje, te tanmen nan vil Nouyòk nan koumansman ane 1880 yo kòm efò sendika ouvriye yo pou yo montre efektif yo, puisans ak karaktè ki anime travayè ak travayèz vil la.

Yo te mete sou pye defile ak mitinn, e itilize manifestasyon sa yo pou reklame nouvo lwa pou amelyore kondisyon ouvriye yo--tan sou plan sosyal ke materyèl--tankou etablisman jounen 8 tè’d tan travay la. Mouvman sa a te gaye nan lòt vil atravè peyi a e an 1894, Kongrè ameriken an te adopte li kòm fèt nasyonal pou onore tout travayè ameriken. Depi 2 a 3 dekad pase yo, manm sendika yo diminye anpil Ozetazini. Alèkile, selebrasyon fèt travay la, pou pifò moun, reprezante yon okazyon pou yo pwofite dènye wikenn manch long sezon ete a ki rive nan bout li nan emisfè nò a. Yo wè li kòm yon okazyon pou yo detann yo e selebre ak zanmi e ak fanmi yo. Natirèlman, toujou genyen parad ak mitinn--patikilyèman nan ane eleksyon yo--epi genyen tou aktivite spòtif ak piknik.

Pou anpil moun, fèt travay la vle di yon jou "repo san travay" anvan chanjman sezon an ak rantre lekòl la. Men nati travay la / an li menm / chanje anpil Ozetazini ofiramezi ane ap pase. Pi plis ameriken alèkile travay nan biwo ak nan lòt ofis olye ya’p travay di nan yon faktori.

Malgre sa, relasyon ki ekziste ant selebrasyon fèt travay la ak travayè nasyon an pa chanje; asavwa:travay se sous tout reyalizasyon ekonomik e sosyal Lèzetazini... e rekonesans sa a rete entak.

XS
SM
MD
LG