Accessibility links

Breaking News

Sena Ayisyen an Valide Pouvwa Senatè Eli Nan Eleksyon Pasyèl 2009 yo


Apre 2 mwa chirepit ak ensètitid Sena ayisyen an apwouve "à la cloche de bois" nouvo manm chanm wot la ki te sòti nan eleksyon senatoryal kontwovèse (Sud ak Plateau Central) 19 avril ak 21 jen 2009 la.

Seyans validasyon an dewoule vandredi e prezidan Sena a, Kelly Bastien, pat prezan. Se doyen d'âge la, senatè Laurent Féquière Mathurin ki te prezide seyans lan. Apa misye Bastien, 7 lòt senatè: Andris Riché (OPL), Youri Latortue (Depatman Atibonit), Evallière Beauplan (Pont), Anacacis Jean Hector (Lespwa), Joseph Pierre-Louis (OPL), Rudy Hérivaux (Lavalas) ak Edmonde Supplice Beauzile (Fizyon) te deside pa asiste seyans lan (gen moun ki di kareman bòykote li) byenke okenn nan yo pat pwononse piblikman mo bòykòt la.

Komisyon validasyon an te gen ladan, Franky Exius ak Nènèl Cassis, plis prezidan seyans lan, misye Mathurin. Komisyon an, prezante yon rapò kote li deklare eleksyon senatoryal yo te dewoule nan bon kondisyon (alòs ke 7 kòlèg absan yo, ki sòti nan diferan gwoupman politik, tap reklame, pa pi ta ke nan semèn ki sòt pase a, kreasyon yon komisyon pou ankete sou akizasyon magouy nan Depatman Sid ak nan Plato Santral la) e li rekòmande pou sena a valide pouvwa nouvo eli yo.

Korespondan nou Clarens Renois di genyen lidè politik, pami yo-- misye Evans Paul ki denonse validasyon an.

NB: Ale sou ralonj ki anwo e adwat atik la pou nou koute repòtaj Clarens Renois a.

XS
SM
MD
LG