Accessibility links

Breaking News

Ekspè Endepandan L'Onu Pou Dwa Zimen, Michel Frost, Kritike Lantè Refòm Jidisyè a


Ekspè endepandan l'ONU an, Michel Frost, mande minis justis ayisyen an, Jean-Joseph Exumé, pran tout dispozisyon pou enstale Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (CSPJ). Mesye Frost ki te rankontre prezidan Preval nan kad twazyèm misyon li nan peyi a, di Lavwad'lamerik li ensiste anpil pou otorite yo nonmen yon nouvo prezidan alatèt Kou Kasasyon an.

Ekspè a deklare: “Palman vote 3 law sou refòm jidisyè a, sepandan depi 5 an otorite yo pa ko nonnmen yon nouvo prezidan alatèt kou kasasyon an. Se prezidan kou a ki pral chèf CSP a. Refòm nan aparèy jidisyè a bloke akòz nominasyon sa a ki poko fèt.”

(Ale sou ralonj ki anwo e adwat atik sa a poun' koute deklarasyon misye Frost la)

Michel Frost kritike tou lantè li di li konstate nan refòm Jidisyè a, mande pou responsab yo amelyore salè jij yo pou evite yo tonbe nan koripsyon.

Ekspè endepandan l'ONU sou sitiasyon dwa zimen pou Ayiti a, Michel Frost, ap rankontre tou reprezantan divès sektè nan peyi a. Mesye Frost ki te al evalye rekòmandayon li te fè pandan dènye misyon li a, ap gen pou l' prezante yon nouvo rapò devan komisyon dwa de l’òm l'ONU an an jen 2010. Misyon li an nan peyi Dayiti / ki dwe dire 9 jou / ap bout lendi 7 septanm nan.

jleroy@voanews.com

Klike anlè e a dwat paj web la pou koute lòt nouvèl ki nan aktyalite vandredi 4 septanm nan sou Lavwadlamerik.

XS
SM
MD
LG