Accessibility links

Breaking News

Etazini Koupe Ankò Nan Èd Lap Bay Honduras


Sekretè Deta Hillary Clinton deside koupe yon pati nan Asistans Lèzetazini ap bay Honduras poutèt koudeta fen mwa jen an kont prezidan Manuel Zelaya.

Depatman Deta fè anons sa a jedi nan moman madam Clinton tap rankontre ak misye Zelaya nan Washington, DC. Pòtpawòl Depatman an, IAN KELLY, di gouvènman pwovizwa ondiryen an refize aksepte plan Costa Rica pwopoze pou retou misye Zelaya sou pouvwa a.

Kelly di retablisman asistans Etazini elimine a pral chita sou retou yon gouvènman demokratik e konstitisyonèl la nan Honduras. Depatman Deta pa di ki tip asistans ni konbyen lajan èd li koupe.

Lèzetazini te deja sispann yon asistans apeprè 20 milyon dola pou Honduras apre ranvèsman misye Zalaya a.

XS
SM
MD
LG