Yon otorite wo-plase nan peyi Iran lanse avètisman pou l di Teheran pa pral bese ba devan okenn presyon kap fèt sou li pou l abondone pwogram nikleyè l-la. Laprès nan Iran site pòtpawòl ministè afè etranjè a, Hassan Qashqavi, ki ta di kòmkwa tout sanksyon yo ta enpoze sou Iran pap efikas, yo pap fè peyi a okenn mal "menm jan ak yon epe wouye". Pòtpawòl la fini pa di Iran ta pi renmen wè pati konsène yo sèvi ak dyalòg e ak negosyasyon pou rezoud pwoblèm pwogram nikleyè li a poze
Misye Qashqavi pale konsa yon jou aprè diplomat kèk grand puisans mondyal te reyini nan vil Frankfort, ann Almay, kote yo bay Iran konsèy pou l retounen nan negosyasyon kap fèt sou pwogram nikleyè l la, e se pou l ta fè sa anvan Asanble Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an ouvè sesyon anyèl li a nan New York pi ta mwa sa a, pi presizeman nan dat 23 septanm nan. Rankont sa a te gen ladan n 5 manm pèmanan Konsèy Sekirite l'ONU an (Lèzetazini, Lafrans, Larisi, La Grand Bretay ak Lachinn), plis Lalmay --se gwoup yo rele 5-P plis 1 an. Sa pa gen lontan, prensipal negosyatè iranyen pou kesyon nikleyè a, Saeed Jalili, te fè konnen Teheran vle fè yon révizyon nan pwogram nikleyè l la e li menm dispoze repran kontak dirèk ak 6 puisans yo sou dosye a. Nan yon pwen-de-près pòtpawòl Depatman Deta a, Ian Kelly, bay yè mèkredi a, li pale de rankont Frankfort la ak enterè diplomat « gwoup 5-P plis 1 an » atache nan deklarasyon misye Jalili a. Nap site misye Kelly:
« Pousa k gen rapò ak deklarasyon misye Jalili te fè semèn sa a, kòmkwa Teheran ta pare pou l reprann negosyasyon yo, gwoup la ensiste pou l di Iran fèt pou l reponn òf li te resevwa ann Avril pase a pou l retounen bò tab la anvan asanble jeneral l'ONI an kòmanse. Gwoup la ensiste tou sou dwa Iran genyen pou l posede enèji nikleyè pou rezon pasifik; men Iran dwe konnen tou genyen yon nesesite ijan pou l fè moun remete konfyans nan aspè totalman pasifik pwogram nikleyè l la; e pou sa, li dwe kowopere nètalkole ak kominote entènasyonal la.»
Otorite yo nan Administrasyon Obama a fè konnen yo pa ka di si deklarasyon misye Jalili a anonse yon chanjman nan politik peyi Iran, oubyen si se yon senp taktik diplomatik pou Teheran dekouraje kèk manm kominote entènasyonal la pou yo pa apiye nouvo sanksyon kont li, pandan dat ap pwoche pou sesyon 2009 Asanble jeneral l'ONI an kòmanse.
Jdesmara@VOANEWS.com