Accessibility links

Breaking News

FIFA Sanksyone Chelsea


Foutbòl/ FIFA

FIFA entèdi klub Angle siyen kontra ak oken foutbolè pandan yon lane. Dapre nouvèl yo Chelsea ta ankouraje foutbolè franse Gael Kakuta renonse ak yon angajman li te genyen ak Lens pou l siyen ak yo. Kakuta resevwa yon suspansyon 4 mwa. Kakuta ak Chelsea gen pou dedomaje Lens pou envestisman li te fè nan foutbolè a. Franse David Trezeguet anonse lap kite Juventus de Turen nan fen sezon an.

Foutbòl / Etazini

Seattle Sounders ranpòte koup US Open nan gras ak yon swif 2 a 1 li pase DC United isit Washington yè swa.

Haiti / Judo

Tribunal abitraj spòtif la ki baze nan vil Lauza’n an Swis gen pou l pwononse l sou yon konfli ant Unyon Panameriken Judo ak federasyon entènasyonal Judo. Mezantant la rive apre Federasyon entènasyonal la deside rekonèt konfederasyon Panamerikèn de Judo ki fonde akoz yon mezantant andedan Unyon Panameriken an.

Tennis / Etazini

Tounwa tenis US Open nan ap rapousib Jedi 3 Septanb nan lè numewo 1 mondyal la Rus Dinara Safina ap rankontre alman Kristina Barrois. Ameriken Andy Roddick pral mate balon fas a franse Marc Gicquel.

Bò kote mesye yo Sèb Novak Djokovic ap rankontre Ostralyen Carsten Ball pandan ke ameriken James Blake ap fè fas ak Bèlj Olivier Rochus.

Mèkredi 2 Septanb nan numewo 1 tenis mondyal maskilen an Swis Roger Federer ranpòte 36 zièm viktwa afile l nan yon tounwa Gran Shelem pou l kalifye nan 3 zièm tou tounwa tenis US Open nan. Federer, kap chache yon 6 zièm tit afile nan US Open nan, te finn pa gen rezon sou alman Simon Greul 6-3, 7-5, 7-5 pou l al rankontre Ostralyen Lleyton Hewitt ki elimine arjanten Juan Ignacio Chela 6-3, 6-3, 6-4.

Espayòl Rafael Nadal toujou nan kous la apre li pase franse Richard Gasquet 3 kout rakèt 6-2, 6-2, 6-3. Rus Marat Safin tonbe devan Otrichyen Jurgen Melzer 1-6, 6-4, 6-3, 6-4.

Ameriken Serena Williams kalifye pou 3 zièm tou tounwa a gras ak 2 kout rakèt li pase Ongwa Melinda Czink 6-1, 6-1. Venus Williams kalifye tou pou 3 zièm tou a apre li pase ameriken Bethanie Mattek Sands 2 kout rakèt 6-4, 6-2.

Gen 5 tèt de seri ki elimine nan kategori feminen an. Jwèz sa yo se Polonè Agnieszka, franse Marion Bartoli, Ostralyen Samantha Stotsur, franse Amelie Mauresmo ak espayòl Anabel Medina Garrigues.

Cyclisme

Siklis espayòl Alberto Contador pap patisipe nan koup du mond siklis la an Swis akoz li pa an fòm. Konpetisyon an ap dewoule sou 23 pou fini 27 Septanb.

XS
SM
MD
LG