Accessibility links

Breaking News

Ayiti Ap Akeyi Jedi 3 septanm 2009 la Yon Delegasyon OEA


Yon delegasyon wo nivo Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) ap tanmen jedi 3 septanm 2009 la yon misyon 4 jou nan peyi Dayiti. Apa sekretè jeneral adjwen OEA a, Albert Ramdin, delegasyon an genyen ladan reprezantan Bank Entè-ameriken Devlopman, Òganizasyon Panameriken Lasante, Enstitisyon Entè-ameriken pou Agrikiltu (IICA), ak Fondasyon Panameriken Devlopman. Korespondan nou, Clarens Renois, di nou kèk nan manm misyon an deja nan kapital la, Pòtoprens.

Yon lòt kote, dosye "14 zyèm mwa" (konprann prim gouvènman an te abitye bay anplwaye sektè piblik la pou ede manman ak papa pitit yo fè fas ak frè rantre lekòl la pou timoun yo) kontinye domine aktyalite a.

Nouvo devlopman an, se menas sèten palmantè fè kounye a pou yo konvoke reprezantan gouvènman an devan Palman an pou mande 'l "kouman li fè l' e dekiprevyen ". Men senatè Evalière Beauplan kesyonnen demach sa a paske li di prim sa a se te yon gratifikasyon gouvènman an te bay volontèman e non yon obligasyon yon lwa kèlkonk te otorize e sanksyone.

Misye Beauplan di tou palmantè yo poko deside si yo pral apiye pwopozisyon ekzekitif la ki ofri pou l' avanse anplwaye fonksyon piblik la mwatye bonis yo touche chak fen ane a kounye a, e lòt mwatye a nan fen ane a pou ranplase prim "14zyèm mwa a" ke l' elimine a.

Sou plan sanitè Palman an Ministè Sante Piblik ak popilasyon anonse li resanse yon nouvo ka grip A H1N1, sa ki mete kantite ka konfime yo nan 8 nan moman nou tap ekri atik sa a mèkredi 2 septanm 2009 la.

NB: Pou n' tande vèsyon "audio" rezime sa a, fè yon klik sou ralonj ki anwo e adwat paj wèb la.

jbjacque@voanewews.com

XS
SM
MD
LG