Accessibility links

Breaking News

Kreyòl-Pale, Kreyòl-Konprann: Ava, Chich, Peng


Tout ayisyen konnen ekspresyon moun chich la---anpil kapab menm sipoze chich se yon mo kreyòl alòske se yon mo franse. An franse e an kreyòl li genyen sans: avare, parcimonieux, “près de ses sous" (pre lajan li) kras, peng (pingre). Mwen pa renmen moun chich ! Pa paske je’m senyen sou afè moun ou ke mwen anvi ni bezwen afè zòt. Mwen pa renmen moun chich pou yon grenn rezon. Ki rezon sa a?

Enben se paske moun chich toujou renmen afè moun. Depi yo wè afè moun “je yo senyen”. Je senyen, se : regarder quelque chose avec envie---avèk désir. Konprann, vle bagay la, ta renmen genyen li ou jwenn yon ti moso ladan.

Lakay nan peyi Dayiti nou rele sa: tanta. Mo tanta a, se yon abrevyasyon (pou pi kout) ki voye’n nan mo tantasyon, anvi nou tap pale talè a. Anvi, konvwatiz, tanta, se yon peche; youn nan 7 peche kapito ki, dapre katechis la, kapab voye yon moun nan lanfè.

Se sa nou te aprann lekòl, lè n’ te ti moun. Men sa pat anpeche bouch nou kouri dlo, nan rekreasyon, lè nou wè yon ti kanmarad nou ap kraze yon wayal, yon tito ou yon mayilò.

Bouch kouri dlo a, se yon lòt jan nou manifeste anvi ak tanta nou. Se yon lòt fason pou’n di je n’ senyen. Men an reyalite pa gen okenn san kap sòti nan je nou.

An franse, se yon métaphore; kidonk, yon imaj, yon façon de parler, kòmkidire ! Bouch kouri dlo se “saliver” ou ankò “avoir l’eau à la bouche”. Sikològ yo vini ak yon ekspresyon pou fenomèn sa a: yo rele li “complexe de Pavlov”, dapre etid fizyolojist russ Ivan Petrovitch Pavlov te reyalize sou réflexe salivaire conditionné ou acquis a. Se yon "sécrétion psychique". Sa a se yon lòt istwa !

Donk, se paske yon moun genyen tanta, chich ou... a plim ki fè bouch li kouri dlo (salive) lè li anvi yon bagay.

Men si genyen tanta a, genyen tou gwo tanta ! Ou gen gwo tanta ou menm !

Ou ka di yon moun genyen gwo tanta, lè ou remake moun sa a toujou bezwen pi gwo mòso, pi gwo pati nan bagay wa’p pataje avèk li a. Ou gen gwo tanta, chak fwa ou vle bagay ki pi chè a e ke ou pa gen mwayen ni an pozisyon pou w’ ofri tèt ou l’. An 2 mo 3 pawòl, nan espri lang kreyòl la ou se swa yon moun ki gen gwo je ou yon anbisye.

Men anbisyon (nan sans franse a) pa yon move bagay. Yon moun ki genyen anbisyon, se yon moun ki reve e kap travay di, kap redi, pou l’ rive lwen pou l’ reyalize objektif li nan lavi…pou l’ leve atè a, gras ak disiplinn e ak pèseverans.

Pwoblèm nan nan lavi se pa gen “anbisyon”, non ! Pwoblèm nan se lè ou pa gen anbisyon ditou. Sepandan, anpil fwa moun ki gen gwo je yo chich. Men fò m’ di se pa paske yon moun bay piti ki vle di’l avare e chich pou sa. Bay piti, pa toujou vle di kourèd non plis ni aloufa ou ankò genyen je kale !

E se pou sa nan peyi Dayiti, nou di sa kabrit genyen, se sa li bay pitit li ou ankò bay piti pa chich !

Se te kreyòl-Pale, Kreyòl-konprann , yon segman Lavwad’lamerik avèk Jacques Jean-Baptiste ki envite n’ ekri li nan adrès sa a:creole-service@voanews.com

jbjacque@voanews.com

XS
SM
MD
LG