Accessibility links

Breaking News

Kreyòl-Pale, Kreyòl-Konprann: Boul, Boul Pik


Sezon vakans, se sezon piknik, vwayaj ak fèt chanpèt. Men se sezon jwèt foutbòl tou ke nou rele jwèt boul nan peyi Dayiti. Boul se yon veritab pasyon, se spò nasyonal ayisyen. Lè timoun pa ka posede yon bon jan boul (konprann yon bon balon foutbòl) yon fè boul ak tout bagay, grenn zaboka, bwat lèt, boul chosèt pou yo kraze yon "de kan". Yon de kan, se yon match foutbòl ant 2 ekip ki kapab genyen 3, 5, 8 e jiska 11 jwè yo chak, sa depan !

Lè mwen tap grandi, nenpòt lari te kapab tounen yon teren foutbòl. Anvan konpè chat te gen tan pran tiwèl li (prendre sa truelle) balon te deja ap woule. Pafwa, se 2 match ki konn ap jwe nan 2 ri paralèl. Ki di vakans, di jwèt boul a "gogo" ! Atansyon mwen pa di boul gogo ti medam yo te abitye mete nan cheve yo pou kenbe cheve a. Nan jwèt boul sou teren enpwovize sa a, mwen pa bezwen di'n (pou sa ki tap jwe nan soulye yo) anpil tèt zòtèy te konn rete sou asfalt la.

Vakans tou se epòk boulsenlo. Mwen pap pale piwouli " boul sikre" nou rele boulsenlo a. Map pale konkonm timoun konn pran, swa nan voye wòch, swa nan batay ou swa paske yo tonbe e frape kalbass ou fontèn tèt yo. Konkonm sa a (pa konfonn li ak legim ki rele concombre nan), se yon enflamasyon ki parèt nan nenpòt pati nan kò nou ki resevwa yon chòk. Franse a rele li "ecchymose". Se san k'al gonfle nan fontèn tèt la ki fòme konkonm nan. Gen kote yo rele li tou, boul lendi.

Men jan mwen te di li talè a yon boulsenlo, se yon "sucrerie" tou, se yon boul sirèt ti moun renmen anpil.

Nan tan lontan, vakans se te epòk boul kannik tou: yon grenn bwa ti moun te konn sèvi pou mab. E si ou se matè mab, fòk ou genyen yon "boulpik". Wi, ou pa ka yon amatè "mab" pou'w pa genyen yon boulpik. Yon boulpik, se mab prefere ou, mab fetich, mab chans ou. Dimwen, se sa tout jwè mab mete nan tèt yo…

Lè ou tande y' ap pale, wa konprann yo pa kapab genyen jwèt la san boulpik yo, alòske se pa vre.

E lè yon amatè pèdi ak tout boul pik li, li geyen yon grenn eksplikasyon pou sa: Aaa, pik li pa sou li ou pat sou li jodi a.

Pik ou pa sou ou vle di, chans ou pat avèk ou nan pati sa a.

Men di pwogram Sèvis Kreyòl Lavwad'lamerik la se boulpik se di se pwogram sa yo ou prefere, ou pi renmen. Di yon jèn fi se boulpik ou, se di dam sa a se dam prefere ou, se dam wa'p mouri pou li an.

Jbjacque@voanews.com


XS
SM
MD
LG