Konsèy Elektoral Gabonè pa ko bay okenn anons ofisyèl sou rezulta skruten-an apre dewoulman eleksyon prezidansyè yo. Sepandan, kandida Ali Ben Bongo--- ki se pititt gason defen prezidan Omar Bongo--- di li resevwa enfòmasyon ki montre li ranpòte laviktwa ak yon gwo kantite vwa anplis sou 2 lòt prensipal rival li yo.
Mesye Bongo di laprès enfòmasyon say o soti alafwa nan plizyè sikonskripsyon O Gabon ak sikonskripsyon ki aletranje.
Lidè opozisyon Pierre Mamboundou ak ansyen minis enteryè gabonè André Mba Obamé kriye viktwa tou nan eleksyon yè dimanch-la. Kote mesye Obamé ke’l ranpòte majorite vòt-la.
Kèk patizan opozisyon an di yo gen kè sote kòmkwa pral gen yon reyaksyon vyolan si yo deklare Ali Ben Bongo venkè nan eleksyon yo.