Accessibility links

Breaking News

O Japon, Pati Liberal Demokrat la Pèdi Pouvwa a aprè plis ke 50 Lane nan Tèt Gouvènman an


O Japon, Premye Minis Taro Aso anonse li pral bay demisyon n kòm lidè pati ki sou pouvwa a (Pati Liberal Demokrat la) aprè gwo defèt pati sa a sibi nan eleksyon lejislativ ki dewoule yè dimanch la.

Nan yon konferans pou laprès misye Aso bay lendi, li prezante eskiz li bay pèp la e li pran tout responsablite a pou defèt sa a. Vrèman vre, prensipal pati opozisyon an--Pati Demokrat Japonè a (PDJ) ranpòte yon gwo kokenn viktwa sou pati misye Aso a ki te domine politik Japonèz la pandan plis pase 50 lane.

Se yon Taro Aso chaje ak imilite ki pale nan konferans pou laprès la pou l di --nap site: "Se regretan sa, ke se rezilta sa a ki sòti nan eleksyon an.

Se yon apèl nou resevwa pou n pran vwa pèp la o serye. Defèt sa a se rezilta pwòp defèt pèsonèl pa m, e mwen pran tout responsablite pou sa."

Sete gwo aplodisman nan katye-jeneral Pati Demokratik Japonè a, lè laprès te anonse yon viktwa total-kapital pou kandida pati sa a devan pati ki sou pouvwa a –viktwa ki bay Pati Demokrat Japonè a plis pase 300 syèj nan Chanm Bas la ki genyen 480 plas an tou. Lidè pati a, Yukio Hatoyama --ki pral tounen nouvo premye minis japonè-- te prese pran lapawòl devan patizan n yo pou l di kijan li kontan konfyans pèp la mete nan dirijan opozisyon an e yo pral travay pou yo ka merite konfyans sa a.

Misye Hatoyama deklare : " Kite m eksprime gratitid pwofon mwen pou konfyans sa a pèp la plase nan nou; avèk eleksyon sa a, pèp la fè konnen volonte li pou l chanje sa nan peyi a. Avèk gwo viktwa sa a, pèp la pale klè pou l di li vle chanje kouran politik la o Japon.

"Lè Yukio Hatoyama va monte sou pouvwa a kòm nouvo premye minis, misye pral eritye, sou plan nasyonal la, yon ekonomi ki chaje ak pwoblèm --pwoblèm tankou yon dèt nasyonal ki pa sispann ogmante, yon kwasans kap ralanti san rete, mete sou yon popilasyon ki fin granmoun.

Sou plan politik etranjè a, Pati Demokrat Japonè a deja anonse dispozisyon n pou l ranfòse rapò Japon ak lòt peyi azyatik yo, e tou dspesyalman Lachin. Misye Hatoyama pran angajman tou pou l fè yon pase-men nan rapò ant Tokyo ak Washington; men misye ensiste pou l di alyans amerikano-japonèz la pral kontinye reprezante poto-mitan sekirite peyi Japon.

Jdesmara@yahoo.fr

XS
SM
MD
LG