Accessibility links

Breaking News

Japon-Eleksyon: Pati Demokrat Japon an sou Wout pou l Ranpòte Lejislativ yo e Peyi a Pral Gen yon Nouvo Gouvènman


Nan Tokyo, pati opozisyon an, Pati Demokrat Japon an, deja kòmanse pran kontak ki nesesè pou l fòme yon nouvo gouvènman après sa k sanble ak yon gwo kokenn viktwa li ranpòte nan eleksyon lejislativ ki dewoule Jodi dimanch la.

Daprè sondaj laprès fè nan biwod'vot yo pandan elektè yo te fin jete bilten yo, Pati Demokrat la pral ranpòte plis pase 300 sou 480 syèj ki genyen nan Chanm dè Reprezantan an, ki se chanm ki gen plis pouvwa nan palman japonè a. Pati a te deja ap kontwole Chanm dè Konseye a --swa Sena a-- gras ak apui li jwenn nan men lòt pati ki pi piti.

Te gen gwo aplodisman nan katye jeneral Pati Demokrat Japon an lè laprès te anonse yon viktwa total-kapital pou pati a sou Pati Liberal Demokrat la. Rezilta ofisyèl final yo genyen pou parèt demen lendi a. Si tandans sa a konfime epi Pati Demokrat Japon an ranpòte laviktwa, se lidè pati sa a, Yukio Hatoyama, kap tounen premye minis nan plas Taro Aso.

Ajans nouvèl japonèz Kyodo fè konnen misye Hatoyama deja ap fè konsiltasyon sou fòmasyon nouvo gouvènman an.

Kiyès Yukio Hatoyama ye?

Misye Hatoyama genyen 62 zan. Daprè pi fò obsèvatè, misye pa sanble li genyen kapasite ki nesesè pou l chanje yon fason total-kapital direksyon kouran politik la o Japon. Li se eritye youn nan pi gwo dinasti politik nan peyi a, e se youn nan manm palman an ki pi rich.

Gran papa l, ansyen premye-minis Ichiro Hatoyama, te travay anpil pou kreye Pati Demokatik Liberal la ki vin peze lou anpil sou sèn politik la jounen jodiya, e pati sa a te dirije Japon preske san rete depi ane 1955.

Nan diskou Yukio Hatoyama te fè pandan kanpay la, li te pwomèt pou l fè "chanjman revolisyonè" nan peyi a. Se konsa tou li te kite moun konprann, si l' monte sou pouvwa a, Japon pral ranfòse rapò ekonomik li avèk peyi vwazen Lachin. Li te pwomèt tou pou l koupe sou kantite lajan Leta mete a la dispozisyon gwo konpayi yo, e pou l re-dirije kòb sa a sou fanmi japonèz yo sou fòm asistans pou swen pou timoun ak enstriksyon piblik gratis.

Misye Hatoyama se yon enjenyè ki te etidye nan Inivèsite Stanford, nan eta kalifòni, o Zetazini. Li pran angajman pou l wete Japon (2èm pi gwo ekonomi nan lemond) anba enfliyans sistèm kapitalis ki a la mòd o Zetazini an e ki, daprè li, gen twòp eksè ladan n.

jdesmara@voanews.com

XS
SM
MD
LG