Accessibility links

Breaking News

FIFA Reyini Kandida pou Koup du Mond yo


Foutbòl / FIFA

11 peyi ki kandida pou akeyi koup du mond FIFA an 2018 ak 2022 ap patisipe nan yon atelye travay nan katye jeneral FIFA a kote yap aprann meyè fason pou prepare dosye kandidatu yo.

FIFA ekzije peyi kandida yo pou gen stad luksye, otèl, transpò ak mwayen kominikasyon. An plis de sa yo dwe montre responsabilite sosyal ak pwoteksyon anviwonman an. Youn pami stad yo dwe gen kapasite 80 mil plas pou seremoni douvètu ak klotu a.

Peyi kandida yo se Etazini, Ostrali, Angletè, Meksik ak La Rus-Yon kandidatu tèt ansanm Beljik / Oland epi Espay/ Pòtugal pou 2018 ak 2022. Katar, Endonezi ak Kore du Sud kandida sèlman pou akeyi konpetisyon an 2022.

Foutbòl / US

Responsab foutbòl ameriken yo konvoke 23 jwè foutbòl feminen ki pral antrene pandan 2 semen avan yo mete tèt pou Almay kote yo pral rankontre chanpyon du mond la.

FIFA/ UEFA

Yon komite Unyon Foutbòl Eropeyen ap reyuni demen Vandredi a pou pwopoze nouvo règleman sou fren-nen depans klub Eropeyen yo ap fè.Pa ekzanp Cristiano Ronaldo koute Real Madrid 130 milyon dola san bliye Kaka, Karim Benzema. Manchester City depanse yon gwo mago pou Emmanuel Adebayor, Carlos Tevez ak Roque Santa Cruz.

Tennis

Tèt de seri numewo 1 tounwa tenis Pen Pilot la Rus Nikolay Davydenko ak Svetlana Kuznetsova kalifye pou kar de final tounwa a kap dewoule nan New Haven Connecticut Davydenko te bezwen 2 manch 7-5, 6-3 pou l kale franse Fabrice Santoro. Davydenko pral rankontre nan kar de final ameriken Sam Querrey ki kale alman Bjorn Phau 7-5, 6-3.

Kuznetsova te bezwen plis pase 2 zhè-d-tan pou l kale bèlj Yanina Wickmayer 6-4, 5-7, 7-6 pou l pase nan kar de final la. Kuznetsova pral rankontre nan kar de final la franse Amelie Mauresmo.

FEDJUDO / HAITI

Judoka ayisyen Neslain Charles, kategori 60 kilo, pèdu devan reprezantan Leichenstein nan Yves Monn nan kad chanpyona du mond Judo kap dewoule nan Rotterdam an Oland.

Gen 2 lòt judoka ayisyen kap kòmanse konpetisyon se Ange Mercie Jean Baptiste ki gen pou rankontre Kiben Yuriseisdis Lupeitey kategori 57 kilo epi Nadjeda Gena kapab rankontre swa franse Celine Lebrun ou byen Japonè Nakazawa.

Klub Angle Arsenal kalifye pou etap group Eropeyen an apre viktwa 3 a 1 yo ranpòte devan Celtics Glasgow yè Mèkredi a nan okazyon yon match de baraj.

Foutbòl / CONCACAF

Nan lig chanpyon KONKAKAF la Marathon de Honduras wouze klub Trinidadyen San Juan Jabloteh 3 a 1 nan group B a. Nan group C Cruz Azul danse sou Kolonbus Crew 5 a 0. Arabe Unido fè match nul 1 a 1 ak Houston Dinamo epi DC United pèdu sou pwòp terenn 3 a 1 fas a klub Meksiken Toluca.

Jodi a W Connection de Trinidad kont Communicaciones de Gwatemala. Real Espagna de Honduras kont Pumas UNAM.

Cyclisme

Ekip siklis RadioShack la, ki gen nan tèt li ameriken Lance Armstrong, fè konnen nouvèl ekip la debute nan kous bisiklèt Ostralyen Down Under an 2010.

Baskètbòl / Eròp

La Grès ranpòte tounwa basketball Acropolis la apre li kale Lituani 75 a 73 Mèkredi 26 Out la. Viktwa a pèmèt Grèk yo kalifye pou pwochen chanpyona baskètball Eropeyen kap kòmanse 7 Septanb nan Polòy. An plis de la Grès nou jwen, Sèbi, Lituani ak chanpyon sòtan an la Rusi kòm tèt de seri chak group.

Baskètbòl/ US

Washington Wizards anonse jwè ki te fè pati ekip la an 1979 ansanm ak jwè aktyèl yo prale an Chin pou komemore premye vizit yo te fè an Chin. Jwè yo pral òganize atelye travay nan Peken ak Shangai.

Olenpik/ Canada

Komite Olenpik Entènasyonal la fè konnen Vancouver pare pou l akeyi je zolenpik dhivè yo an 2010. Koòdonatè Je yo Rene Fasel pale pou l di komite a gen konfyans evenman an ap reyusi.

XS
SM
MD
LG