Accessibility links

Breaking News

Nouvo Anbasadè Etazini an Nan Peyi dAyiti Rankontre Prezidan René Préval


Etazini gen yon nouvo anbasadè nan peyi dAyiti. Non li se Kenneth Merten. Jodi lendi 24 Out 2009 la, Msye Merten te prezante lèt kreyans li bay Prezidan ayisyen an, René Préval, pandan yon rankont nan Palè Nasyonal.

Nan deklarasyon diplomat ameriken an fè jodi a, li eksprime optimism, espwa li, pou avni nasyon karayibeyèn nan. Anbasadè Merten deklare relasyon 2 peyi yo pral chita sou twa aks prensipal: respè, patenarya, ak responsablite.

Kenneth Merten, ki te antre nan sektè diplomatik ameriken an an 1987, te deja pase ann Ayiti nan 2 fonksyon diferan. Angwo, karyè diplomatik li aletranje deja mennen n' a Pari, nan Pòtoprens, nan Inyon Ewòp la e nan vil Bonn, ann Almay.

Anbasadè Kenneth Merten marye e li gen 2 pitit.

Ale sou ralonj ki anwo, adwat paj la, pou w ka koute yon repòtaj Ronald César sou deklarasyon nouvo Chèf Misyon Diplomatik Etazini an nan Pòtoprens, jounen jodi a.

Si ou prefere koute tout diskou Anbasadè Merten nan, tchecke lòt atik ki pale de espwa diplomat ameriken an pou Ayiti.

XS
SM
MD
LG