Accessibility links

Breaking News

Fon Finansman Dyaspora Ayisyen an


Plizyè milyon ayisyen kap nan divès peyi etranje (pami yo, Lèzetazini) genyen kounye a yon opòtinite inik pou yo envesti nan avni peyi yo, Ayiti. Ajans Amerikèn Pou Devlopman Entènasyonal (USAID) fè tèt-ansanm ak Fondasyon Sogebank--yon enstitisyon ki enplike nan travay byenfezans e ki fè pati pi gwo Bank komèsyal ayisyèn nan, Sogebank---pou yo tabli Haitian Dyaspora Marketplace:“Fon Finansman Dyaspora Ayisyen an”.

Fon Finansman Dyaspora ayisyen an se yon pwogram pilòt 2 zan ki gen pou objektif ankouraje ayisyen kap viv aletranje kontribye nan devlopman ekonomik Ayiti atravè envestisman dirèk nan aktivite komèsyal ki bay randman.

Antreprenè nan dyaspora a genyen resous imen e finansye ki ka ede anpil gouvènman ayisyen an pwomouvwa envestisman piblik kou prive ki
bay pi bon rezilta.

Pwogram sa a ankouraje kreasyon ak kwasans ti antrepriz nan sektè kle yo, tankou: agrikilti, tourism, enfòmasyon ak teknoloji kominikasyon.

Fon Finansman Dyaspora Ayisyen an pral ede antreprenè dyaspora a gen aksè a don finansman e li pral ofri antrepriz yo asistans teknik tou.

Pou aplikasyon faz don an USAID ap pote yon kontribisyon kap varye ant 50 mil a 100 mil dola avèk yon kontribisyon envestisman minimum obligatwa 2 kont youn. Aplikasyon pou prè yo dwe mache ak plan ki montre antrepriz la pral mete sou pye yon aktivite avèk patisipasyon antrepriz ayisyen yo.

Moun ki pral fè konpetisyon pou finansman yo pral oblije founi tou plan ki montre klè antrepriz yo pral tabli a kapab mete sou pye aktivite komèsyal dirab nan peyi Dayiti. Nan kad inisyativ sa a, pwogram ki garanti kredi nan Bank lokal ayisyen yo pral fasilite pi plis antreprenè yo jwenn kredi nan men dyaspora a. USAID ap founi 200 milyon dola pou kore pwogram nan.

Direktè pwovizwa USAID a, Alonzo Fulgham, te pran lapawòl nan mwa Out la nan dezyèm kongrè anyèl Inite Dyaspora Ayisyen an nan Miami Beach, Eta Florid. Li te di Lèzetazini pral bay 300 milyon dola asistans pou soutni priyorite devlopman nasyonal ke gouvènman ayisyen an idantifye.
E li te lanse apèl bay dyaspora ayisyèn nan pou’l pote kontribisyon pa-li: “Nou vle travay avèk ou--ou menm patnè nan dyaspora ayisyèn nan--pou’n travay pi rapid, pi di, e yon fason pi entelijan pou’n pouse devlopman dirab nan peyi Dayiti.

Direktè pwovizwa Fulgham ekzòte dyaspora ayisyèn nan kontinye fè dirijan ayisyen yo konnen, tan nan nivo lokal ke nasyonal, Ayiti bezwen stabilite ak enstitisyon gouvènmantal konpetan. Misye Fulgham di ONG lokal yo bezwen èd dyaspora a nan lit kont koripsyon an.

Lèzetazini, nap site direktè pwovizwa USAID a “ap tann ak enpasyans pou’l travay ak dyaspora ayisyèn nan pou yo pote bon jan devlopman ekonomik nan peyi Dayiti".

http://haiti.usembassy.gov/pr2009/53.html




XS
SM
MD
LG