Accessibility links

Breaking News

Eleksyon Afghàn yo Respekte Prensip Demokratik yo,  Dapre Enstiti Nasyonal Demokratik Pou Afè Entènasyonal yo


AFGHANISTAN-Obsèvatè entènasyonal nan eleksyon Afghanistan yo bat bravo pou eleksyon ki dewoule semèn sa a, men yo di li twò bonè pou yo detèmine si pwosesis la te jis e onèt.

Monitè Institi Nasyonal Demokratik pou Afè Entènasyonal yo deklare samdi eleksyon prezidansyèl e kantonal yo te dewoule suivan prensip demokratik yo byenke te genyen kèlke "pwoblèm" serye.

Misyon obsèvasyon Komisyon Ewopeyen nan deklare pwosesis la te lajman pozitif, men li di li pa kapab konsidere eleksyon an an te totalman lib akòz menas vyolans.

Omwens gen yon gwoup ki di Taliban yo reyalize menas pou yo te vize elektè e deraye eleksyon an.

Pakistan

Yon kòmandan taliban anonse mouvman Taliban nan Pakistan an nonmen yon ranplasan pou Baitullah Mehsud--lidè gwoup-la nouvèl yo di ki pèdi lavi li nan yon atak misil Lèzetazini nan koumansman mwa a.

Maulvi Fakir Mohamad di lapres Konsèy 42 manm Taliban an nonmen Hakimullah Mehsud pou ranplase Baitullah.

Hakimullah Mehsud se yon konseye pwòch Baitullah Mehsud ki, dapre nouvèl yo, te jwenn lanmò li nan yon atak avyon militè san pilòt Lèzetazini nan rejyon Waziristan-Sid Pakistan an.

IRAQ

Minis afè etranjè Irak la deklare militan ki responsab atak ak bonm ki touye moun ki te fèt devan ministè afè etranjè ak devan ministè finans lan te benefisye èd--petèt èd fòs sekirite yo.

Hoshyar Zebari kesyonnen tou desizyon gouvènman an pou'l retire baraj "polis kouche" ki te alantou ministè yo--yon desizyon li di ki fasilite pasaj gwo kamyon ki te vinn komèt atanta a.

Msye Zebari ajoute "sekirite nan kapital la deteryore anpil pandan 2 mwa ki sòt pase yo…e li lanse avètisman pou di plis atak konsa pranl fèt nan Bagdad nan jou kap vini yo akòz degradasyon sitiasyon sekirite a.

Relations Kore Di Sid-Kore Di Nò

Minis Inifikasyon Kore Di Sid la di prezidan Lee Myung-Bak aksepte rankontre dimanch 23 out la ak yon gwo pèsonalite ofisyèl nò-koreyen kap vizite Kore Di Sud kote li al asiste lantèman defen Prezidan Kim Dae-Jung. Ajans nouvèl Yonghap di vizitè a ki sòti Pyongyag, genyen yon mesaj pou prezidan Lee ke lidè nò Koreyen an, Kim Jong-Il, voye ba li.

Minis inifikasyon Seoul la, HYUN IN-TAEK, te rankontre samdi ak tokay nò-koreyen li, KIM Yang Gon, ki te rive nan Seoul alatèt yon delegasyon. 6 responsab no-koreyen yo ap pwolonje vizit yo a pou yon jou pou yo kapab fè chita-pale ak prezidan Lee ke yo te mande rankontre.

SOMALIA

Prezidan somalyen an koumanse mwa Ramadan an--yon peryòd sakre nan kalandriye mizilman an--avèk yon apèl anfavè yon trèv ak militan islamik yo e li mande tou yon fen nan "larivyè san" kap koule nan Somali a.

Prezidan Sheik Sharif Sheikh Ahmed di Lavwadlamerik li kwè Lapè ak stabilite posib atravè dyalòg… e li envite militan yo depoze zam yo. Malgre apèl chèf Deta a, militan atake yon pòs-kontwòl nan kapital la, Mogadiscio jodi a--atak sa a deklanche yon afwontman ki pran lavi 5 moun pou pi piti.

Gouvènman frajil somalyen an angaje nan gwo batay pou'l wè si la repran kontwòl plizyè gwo sektè nan peyi a ki anba men militan gwoup Al-Shabab la.

Honduras

Komisyon entè-ameriken dwazimen an di gouvènman pwovizwa Honduras la te vyole dwazimen. Komisyon an di gouvènman de fakto a te itilize fòs ki pat nesesè pou'l kontwole manifestasyon ki dewoule kont koudeta 28 jen kont prezidan Manuel Zelaya a. Gwoup la di gouvènman pwovizwa Roberto Micheletti a te eseye kontwole enfòmasyon pou limite patispasyon popilasyon an nan vi politik la.

Boston-Eleksyon: Dyaspora

Nan vil Boston, ayisyen ameriken kap viv nan metwopòl Eta Massachussets la ap prepare yo pou eleksyon kantonal mwa septanm ak mwa novanm kap vini an, kote genyen plizyè kandida d'orijin ayisyèn.

NB: Koute repòtaj Wilson Dubuisson an sou ralonj anwo e adwat atik sa a.


XS
SM
MD
LG