Accessibility links

Breaking News

Plizyè Milyon Sitwayen Afgan ap Vote nan Eleksyon Jeneral Jodi Jedi 20 Out 2009 la, Malgre Menas Taliban yo


Nan Afganistan, plizyè milyon sitwayen ap defye menas vyolans ak zak reprezay yo resevwa pou y al vote nan eleksyon prezidansyèl e rejyonal kap dewoule Jodi jedi 20 out la. Nan okazyon an, sektè komèsyal la avèk lekòl fèmen e sèvis sekirite a sere anpil-anpil aprè mouvman Taliban an te lanse menas pou l gate eleksyon an. Premye nouvèl yo fè konnen to patisipasyon elektora a fèb anpil nan divès rejyon peyi a.

Vrèmanvre, pou 17 milyon afgan ki gen laj pou vote, chwa ki devan yo nan pi gwo jounen elektoral nan tout istwa peyi yo, se petèt eske yap riske vi yo pou yo egzèse dwa demokratik yo, oubyen eske yo pap pran chans epi yap rete lakay yo? Sitwayen afgan Amir Khan, ki t al jete bilten n nan yon moske nan Kaboul, capital la, fè konnen menas Taliban yo fè pou yo koupe dwèt tout moun ki patisipe nan eleksyon an, pa rive dekouraje l e li al fè devwa sitwayen n kanmèm. Misye Khan si –nap site:

"Mwen pa pè ditou; mwen pa genyen pyès kè-sote, paske gouvènman an gen bon jan kontwòl sou sistèm sekirite a. Konsa mwen pa genyen okenn rezon pou m pè mesye Taliban yo."

Nan okazyon eleksyon sa a, plizyè milye obsèvatè --nasyonal e entènayonal-- fè deplasman plizyè kote atravè Afganistan pou yo swiv dewoulman vòt la. Youn nan obsèvatè entènasyonal yo se ansyen depite ameriken Jim Moody, ki sou plas kòm anvwaye òganizasyon "Democracy International". Li di Lavwadlamerik sa l konstate jiskaprezan, se yon eleksyon kap dewoule yon fason soup e nan lòd.

"Pa gen eleksyon ki pafè, menm o Zetazini. Nou te gen pwòp pwoblèm pa nou. Lè w konsidere sikonstans yo nan peyi sa a ki nan lagè, kote ou jwenn anpil konfli entèn grav, mwen panse vrèman nou fèt pou n bat bravo pou pèp afgan an ak otorite afgan yo."

Pami kandida a la prezidans yo, genyen prezidan sòtan an, Hamid Karzai, avèk ansyen minis afè etranjè Abdulllah Abdullah.

Jdesmara@voanews.com

XS
SM
MD
LG