Accessibility links

Breaking News

Yon Maratonyen Britanik Kriye Fòfè nan Bèlen


Atletisme

Detantè rekò du mond Britanik Paula Radcliffe, ki sot ranpòte semi marathon New York la, kriye fòfè nan kous marathon chanpyona du mond atletik la kap dewoule nan vil Bèlen. Radcliffe fè konnen li pral konsantre l sou je zolenpik yo an 2012 nan vil Lond.

Depa Radcliffe la lese pòt la louvri pou lòt konpetitè tankou Japonè Yoko Shibui, Etyopyen Bezunesh Bekele, Kenyan Helen Kirop. Maraton an fikse pou Dimanch 23 Out.

Toujou nan atletis kourè Jamayiken Brigitte Foster-Hylton ranpòte meday dò nan kous 100 mèt Hè feminen an devan Kanadyen Priscilla Lopes-Schliep ak Jamayiken Delloreen Ennis-London.

Barinwa Yusuf Saad Kamel ranpòte kous mil 500 mèt la maskilen an devan Etyopyen Deresse Mekonnen ak chanpyon sòtan an ameriken Bernard Lagat. Alman Robert Harting ranpòte meday dò nan lanse disk devan Polonè Piotr Malachowski ak Letonyen Gerd Kanter.

Meday dò kous 800 mèt feminen an al jwen Sud Afriken Caster Semenya devan Kenyan Janeth Jepkosgei Busienei ak Britanik Jennifer Meadows.

Otorite yo ap ankete sou Sud Afriken Semenya pou konnen èske li se fanm ou byen gason.

Tennis

Numewo 1 tenis feminen an Rus Dinara Safina elimine nan tounwa tenis feminen Koup Rogers la kap dewoule nan Toronto Kanada. Aravane Rezai kapote numewo 1 an ak 2 set a 1 3-6, 6-2, 6-4 pou l pase nan 3 zièm tou a. Ameriken Serena Williams pase nan 3 zièm tou a apre li kale kazakstan Yaroslava Shvedova 6-3, 6-2.

4 pami meyè jwè tenis sou planèt la ap sou teren an jodi a nan tounwa dè Mèt Cincinnati a. Numewo 1 tenis mondyal maskilen an Swis Roger Federer ap rankontre espayòl David Ferrer nan 3 zièm tou tounwa a nan Ohio. Federer ranpòte 8 dènye rankont li jwe ak espayòl la.

Venkè rankont la ap rankontre swa ostralyen Lleyton Hewitt ou byen ameriken Sam Querrey ki elimine Andy Roddick Mèkredi swa.

Numewo 2 tenis mondyal la britanik Andy Murray pral boukante balon fas ak Tchèk Radek Sepanek. Numewo 3 espayòl Rafael Nadal ap rankontre franse Paul Henri Mathieu. Sèb Novak Djokovic kont franse Jeremy Chardy. Rus Nikolay Davydenko kont franse Gilles Simon. Venkè yo ap kalifye pou kar de final la.

Foutbòl Ameriken

Jwè tenis ameriken Serena ak Venus Williams fè pati lig football zèpòl kare ameriken an kòm pwopriyetè. 2 meda m yo, ki reside nan Palm Beach Gardens, mete ansanm pou achete yon aksyon nan Miami Dolphins.

Lòt selebrite ki achte aksyon nan Miami Dolphins se muzisyen Gloria ak Emilio Estefan, Marc Anthony.

Foutbòl / KONKAKAF

Cruz Azul ranpòte yon viktwa 2 a 0 devan Deportivo Saprissa nan group C a. Supriz nan group A a se Arabe Unido, yon klub Panameyen ki danse sou Pachuka 4 a 1. Houston Dinamo ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan klub Salvadoryen Isidro Metapan.

XS
SM
MD
LG