Accessibility links

Breaking News

Jamayiken Usain Bolt Briye nan Bèlen


Atletisme

Kourè Jamayiken Usain Bolt bat yon lòt rekò nan chanpyona du mond Atletis mondyal kap dewoule nan Berlen. Bolt kouvri distans 100 mèt an 9 sekond 58 devan ameriken Tyson Gay ki fini ak 9 sekond 71 epi Jamayiken Asafa Powell. Bolt amelyore rekò li te bat nan je zolenpik Peken yo de 11 sekond.

Rus Olga Kaniskina ranpòte march 20 kilomèt la devan Irlandè Olive Loughnane ak chinwa Hong Lu.

Nan New York, Maratonyen Britanik Paula Radcliffe ranpòte semi maraton New York la devan Etyopyèn Mamitu Daska ak Kenyan Catherine Ndereba.

Chanpyon sòtan an Etyopyen Tadese Tola konsève tit la nan kategori maskilen an devan Maroken Ridouane Harroufi ak ameriken Ryan Hall.

Foutbòl / Eròp

Balon te woule sou kontinan Eropeyen an. Wayne Rooney make yon gòl pou pèmèt Manchester United ranpòte yon viktwa 1 a 0 devan Birmingham yè Dimanch la pandan ke Liverpool pase Tottenham yon swif 2 a 0.

An Espay Xavi Hernandez ak Pedro Rodriguez make yon gòl yo chak pou pèmèt FC Barselòn kale Atletico Bilbao 2 a1 nan match ale Superkoup Espayòl la. Match retou a fikse pou Dimach 23 Out nan stad Kan Nu an.

An Frans Olenpik de Marseille byen demare chanpyona apre viktwa 1 a 0 li ranpòte devan Lille.

An Almay Schalke 04 danse sou Bochum 3 a 0 pou l mete l ansanm ak chanpyon sòtan an Wolfsburg nan tèt klasman Bundersliga a ak 2 viktwa kont 0 defèt.

Isit Ozetazini yè Dimanch la Chikago Fire wouze Kansas City 2 a 0 epi DC United tonbe 2 a 0 lakay Toronto Foutbòl Klub Samdi.

Tennis

Sèb Jelena Jankovic kapote numewo 1 tenis mondyal feminen an Rus Dinara Safina pou l ranpòte tounwa tenis Cincinnati a ak yon viktwa 6-4, 6-2. Sa fè Jankovic 2 zièm tit li ranpòte pou ane a.

Nan MontReal Kanada Britanik Andy Murray kale arjanten Martin del Potro 6-7, 7-6, 6-1 pou l ranpòte tounwa tenis koup Rogers la.

Murray tounen premye jwè tenis Britanik an 128 tan ki ranpòte yon tit kanadyen. Tounwa sa yo fè pati tounwa tenis chofe jarèt avan tounwa tenis US Open nan kap kòmanse 31 Out nan New York.

Etazini/ TV

Komite Olenpik ameriken an ranvwaye plan li te genyen pou l te posede pwòp rezo televizyon pa l apre objeksyon responsab komite Olenpik Entènasyonal la. Responsab ameriken yo desizyon an ranvwaye an atandan yo rezoud ak komite Olenpik Entènasyonal pwoblèm ki antoure mete sou pye rezo televizyon an.

XS
SM
MD
LG