Foutbòl/ WC 2010
Otorite FIFA yo anonse yap distribyen 120 tikè gratis bay fanatik foutbòl yo an Afrik du sud pou pèmèt yo vinn asiste koup d mond la kap kòmanse ane pwochè n. Anons sa a fèt apre otorite yo déjà redui pri tikè yo a 17 dola pou rezidan yo kontrèman ak 80 dola pri entènasyonal. Travayè ki patisipe nan travo reparasyon ou byen konstruksyon stad ak lòt enfrastruktu ap resevwa 40 mil tikè.
Foutbòl/ Etazini
Nan lig foutbòl balon ameriken an demen Samdi a D C United ap fè yon deplasman lakay Toronto Foutbòl klub.Kolonbus Crew ap akeyi Dallas. Chivas USA ap fè yon kout pye lakay New York. Reyal Salt Lake ap akeyi Houston Dinamo epi Seattle pral lakay Los Anjeles Galaksi pou yon bèl rankont.
An palan de Los Anjeles Galaksi nouvèl yo rapòte atakan ekip la Landon Donovan teste pozitif pou virus H1N1 ki bay maladi grip pòsin nan. Antrenè ekip la Bruce Arena deklare nan yon jounal sanble Donovan ta trape virus la nan men 2 manb pèsonèl ekip la ki ta trape l pandan yon match ekip la tap jwe nan Foxborogh, Massachussets.
Dopaj/ Atletisme
Komite Olenpik Entènasyonal la dakò pou l akselere pwosesus pou konnen si wi li dwe distribye meday yo te sezi nan men kourè ameriken Marion Jones ki konsome dròg pou l ranpòte la viktwa. Komite Olenpik la ap ankete Laboratwa ki te konn distribyen steroyid bay plizyè atlèt. Kèk konpayon Marion Jones ki te nan ekip relè ameriken an te ale an apèl devan tribunal abitraj spòtif nan vil Lauzann pou yo kapab rejwenn meday yo pèdu a. Prezidan Komite Olenpik la Jacques Rogge anonse yap pran yon desizyon nan mwa kap vini la yo.
Tennis
Pou la premyè fwa depi epòk klasman tenis mondèn ATP a te kòmanse an 1973, 8 premye tèt de seri kalifye pou kar de final tounwa tenis maskilen Koup Rogers la ,kap dewoule nan Montreal, o Kanada. Nan kar de final la Britanik Andy Murray pral rankontre Rus Nikolay Davydenko. Ameriken Andy Roddick kont Sèb Novak Djokovic. Swis Roger Federer kont franse Jo-Wilfried Tsonga. Espayòl Rafael Nadal kont Arjanten Juan Martin del Potro.
Koup Rogers la se youn pami tounwa chofe jarèt ki dewoule avan US Open nan ki se dènye tounwa gran Shelèm pou ane-a ; ane sa-a lap kòmanse le 31 Da-Out.
Nan Tennis Feminen: Serena ak Venus (2 sè Williams-yo) elimine nan 3 zièm tou tounwa vil Cincinnati-a, nan eta Ohio. Otruchyèn Sybille Bammer --ki pa menm yon tèt de seri nan tounwa a--, fè 2 pwen rapid sou Serena, ke li bat an 2 manch, sou yon skò: 7-5, 6-4, tandiske ke Italyèn Fla-via Penne-tta voye Venus Williams remiz a ses parents, ak 2 kap an 2 sèt tou: 7-6, 6-4.
Bèlj Kim Clijsters kontinye ap byen men-nen nan tounwa a, apre manmzèl finn elimine rus Svet-lana Kuz-net-sova ; skò-a se: 6-4 (pou Clijs-ters), 4-6 (pou Kuz-net-sova), epi 6-2 (pou Clijs-ters). Slovak Daniela Hantu-chova te fè anpil efò avan li rive kale Rus Vera Zvo-na-reva an 3 set : 7-6, 0-6, 7-6.
Ayiti Sport-
Spo nanpeyi Dayiti : Vil Okay ((nan Sud peyi-a) ap pare l pou l oganize yon ekzibisyon kous motosiklèt, jodi a sou plaj Jele-a. Pral gen aktivite boks, volebòl, foutbòl nan okazyon fèt patwonal vil-la, Fet Notre Dam de la 15 zou, ki koenside ak festival Jele-a.
Natasyon/ Phelps
Anfen, Najè ameriken Michael Phelps --ki te ranpòte 8 meday dò nan je zolenpik Peken yo--, enplike nan yon kolizyon machin; men la polis rapòte najè a pa blese. Sa pa gen lontan (pi presizeman, nan kòmansman mwa a), Michael Phelps te ranpòte 5 meday dò ak 1 meday darjan nan chanpyona du mond natasyon ki te dewoule an vil Wòm, an Itali.