Foutbòl / KONKAKAF
2 zièm pati faz final eliminatwa koup du mond Afrik du Sud la 2010 la relanse nan zòn KONKAKAF la apre viktwa 2 a 1 Meksik ranpòte devan Etazini nan yon match ki te chaje ak tansyon. Etazini te louvri skò a bonè nan premye mitan an devan plis pase 100 mil fanatik ki tap chofe nan stad Azteka a nan Meksiko Siti.
Antrenè ameriken an Bob Bradley ameriken Etazini pap pèdu espwa menm apre Meksiken yo te egalize. "Nou te abòde rankont la ak anpil konfyans patikilyèman apre nou make premye gòl la. Nou te santi m byen apre egalizasyon an ke done yo te kapab chanje." deklarasyon antrenè Bob Bradley apre rankont la.
Meksiken yo te mete presyon sou Etazini pandan tout rankont la akoz li te nesesè pou yo te ranpòte la viktwa. 6 minit avan fen tan reglemantè Miguel Sabah, ki te antre nan 2 zièm mitan an, te make gòl viktwa a pou Meksiken yo.
Nan lòt rankont Onduras pase Kosta Rika yon katon 4 a 0 nan San Pedro Sula epi Trinidad and Tobago ranpòte premye viktwa nan konpetisyon an apre li kale El Salvador 1 a 0.
Nan klasman Jeneral la apre 6 rankont, Kosta Rika toujou nan tèt group la ak 12 pwen. Onduras klase 2 zièm ak 10 pwen answit nou jwen Etazini ki gen 10 pwen tou. Meksiken klase 4 trièm ak 9 pwen. Salvador ak Trinidad gen 5 pwen yo chak.
Pwochen rande vou 5 Septanb lè Etazini ap akeyi el Salvador, Meksik ap fè yon kout pye lakay Kosta Rika epi Onduras ak akeyi Trinidad and Tobago.
Foutbòl/ Eròp
An Eròp la Frans, ki an difikilte, ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan Il Feroe-yon viktwa nesesè pou franse yo nan group 7 la. Kwasi kale Belarus 3 a 1 pou l ranfòse pozisyon nan 2 zièm plas la dèyè Angletè nan group 6 la. Angletè, ki toujou devan Kwasi ak 7 pwen kapab kalifye pou faz final la lè lap akeyi Kwat yo nan Stad Wemble a le 9 Septanb. Novèj danse sou Ekòs 4 a 0 pou l konsève espwa l pou yon 2 zièm plas nan group 9 la ke la Oland déjà ranpòte. Ekòs dwe ranpòte 4 dènye rankont yo si l vle fini an 2 zièm pozisyon. Almay ranpòte yon viktwa 2 a 0 devan Azerbaijan pou l mete ak 19 pwen devan la Rusi ki gen 15 pwen.
9 premye nan group Eropeyen yo ap kalifye dirèkteman pou faz final la. 8 meyè 2 zièm yo pral ap kalifye pou patisipe nan yon tounwa repechaj kote 4 premye yo ap kalifye pou faz final la.
Nan match amikal entènasyonal Angletè fè match nul 2 a 2 ak la Oland. Arjantin kale la Rusi 3 a 2. Itali fè match nul 0 a 0 ak la Swis. Brezil kale Letoni 1 a 0. Jamayik fè matchnul 0 a 0 ak Ekwatè.
Tennis
11 tèt de seri tounwa tenis Koup Rogers la ap sou teren an jodi a nan Montreal Kanada. Numewo 1 mondyal Swis Roger Federer ap rankontre konpatriòt li Stanislas Wawinka nan 3 zièm tou tounwa a. Espayòl Rafael Nadal ap rankontre alman Philipp Petzschner. Britanik Andy Murray pral kwaze rakèt fas ak espayòl Juan Carlos Ferrero epi Sèb Novak Djokovic pral tope kòn li ak Rus Michail Youzhny san bliye ameriken Andy Roddick ap rankontre espayòl Fernando Verdasco.
Tounwa an tè batu a konsidere kòm yon tounwa chofe jarèt avan tounwa tenis US Open nan ki se dènye tounwa tenis Gran Shelem pou ane a e kap kòmanse 31 Out nan New York.
Je Zolenpik 2012--2016
Komite Olenpik Entènasyonal la enklu Rugby ak gòlf pami 7 disiplin spòtif pou je zolenpik 2016 yo. Baseball, softball, karate ak 2 lòt disiplin pa seleksyone.Komite ekzekitif òganizasyon entènasyonal la vote Jedi 13 Out nan vil Berlen an. Asanble jeneral Komite Komite Olenpik Entènasyonal la pral ratifye desizyon an nan Kopenhag an Oktòb.
Komite Olenpik la vote pou enklu boks feminen nan je zolenpik yo an 2012. Federasyon Boks Entènasyonal pwopoze pou 40 boksè feminen patisipe nan konpetisyon nan 5 kategori ak 8 boksè nan chak kategori. Sa vle di kategori maskilen ap pèdu 40 plas nan 11 kategori pou pèmèt disiplin rete ak 286 atlèt ki se kantite maksimòm nan.
Atletisme/ Jamayik
Federayon Atletik Amatè Entènasyonal la fè konnen li pral pwononse sou ka 5 atlèt Jamayiken ki gen non yo site pou dopah avan chanpyona du mond Atletis la kap kòmanse Samdi nan vil Bèlen. Federasyon entènasyonal la di lap tann dokiman nesesè apre yon komite nan Jamayik jwenn atlèt yo pa koupab.-5 atlèt yo teste pozitif pou stimulant methylhexanamine-yon medikaman ki pa figure nan lis entèdi ajans anti dopaj mondyal la.
Desizyon an kapab afekte ekip relè Jamayik la kap patisipe nan chanpyona du mond atletis la.