Accessibility links

Breaking News

Dezyèm Faz Ekzagonal Final KONKAKAF la Demare Jodi a


Foutbòl Koup du Mond

Jodi Mèkredi a, balon pral woule nan okazyon 2 zièm faz ekzagonal final koup du mond Afrik du Sud 2010. Plis pase 100 mil fanatik Meksiken déjà achte tikè-yo pou yo asiste yon rankont ant Lezetazini ak peyi Astek-la, nan vil Mexiko, justeman nan stad Aztèca-a ki situe a 2 mil 200 mèt ou byen prèske 8 mil pye pi wo pase nivo lanmè a.

Sou yon total 23 rankont 2 seleksyon-yo déjà jwe o Meksik, seleksyon etwale-a pèdu 22 e li fè yon match nul 0 a 0, match nul sa-a te dewoule nan dat 2 Novanm 1997. Ameriken yo konsidere yon nul kòm bon rezilta menm si Meksiken pral montre ameriken yo se pat san rezon yo te kale yo nan final koup dò KONKAKAF la. Yon viktwa ap mete Meksiken yo nan yon bon pozisyon nan klasman jeneral la.

Yon lot kote : Honduras ap akeyi Kosta Rika nan San Pedro Sula, epi Salvador ap fè yon kout pye nan Port of Spain, kote li pral rroule balonn aveke seleksyon nasyonal Trinidad – Tobago-a.Salvador --menm jan ak Trinidad/Tobago, bezwen yon viktwa si li vle rete nan kous la.

Nan klasman jeneral la : men kijan sitiyasyon-an prezante :Kosta Rika ap domine group la ak 12 pwen, devan Etazini ki genyen 10 pwen. Answit nou jwenn :Onduras avek 7 pwen -- Meksik klase 4 trièm ak 6 pwen. Salvador, ki gen 5 pwen, okipe 5 kièm plas-la epi Trinidad Tobago twouve -l nan ke kamyonèt la ak 2 grenn pren. Pwochen rankont nan group sa a fikse pou 5 Septanb.

Eròp/ Foutbòl

Nouvèl sou woulman Balon sou kontinan Eropeyen an : nan kad match kalifikatif koup du mond, La Frans ap rankontre ak seleksyon zile Fero yo-yon rankont antrenè franse Raymond Domenech di tout sa li bezwen se yon viktwa akoz yo gen 8 pwen dèy la Sèbi ki klase an premyè pozisyon nan group 7 la. Almay ap vizite Azerbaijan.

Alman yo ap chache kreye yon ekar 4 pwen ant yo menm ak la Rusi ki klase an 2 zièm pozisyon nan group 4 la. Kwoasi pral lakay Belarus -2 ekip sa-yo (Kwoazi ak Belarus-- ap goumen pou 2 zièm plas la nan group 6 la, dèyè LAngletè - an pansan nap di ke seleksyon Anglez-la kapab kalifye pou faz final la si li ranpote laviktwa sou Kwasi le 9 Septanb.

Seleksyon ki rive klase nan 9 premye pozisyon-yo pral reprezante kontinan Eropeyen an nan koup du mond Afrik du sud 2010. 8 pi bon 2 zièm yo pral patisipe nan yon tounwa repechaj pou 4 lòt plas.

Kèk match amikal rapidman: Angletè ap jwe yon match amikal kont la Oland. Arjantin pral rankontre ak Larusi nan vil Moskou, Espay pral woule balonn devan Masedwan, Itali pral jwe ak LaSwis epi Brezil jwe yon match pou lamitye avèk Letoni.

Tennis

Anfen : Nan tennis feminen e nan tounwa Open vil Cincinatti-a isit o Zetazuni, jwèz rus Di-na-ra Safi-na pran tikè-l pou 3èm tou-a avek yon viktwa an 3 sèt (2-6, 7-5 e 6-4) sou italyèn Roberta Vin-.chi.

XS
SM
MD
LG