Accessibility links

Breaking News

Pwosesis Validasyon Nouvo Senatè Ayisyen yo nan Enpas


Plizyè senatè ayisyen kritike desizyon prezidan Rene Preval, pran pou l pa fòme yon komisyon ki ta mennen ankèt sou rezilta dènye eleksyon senatoryal pasyèl yo. Vis prezidan komisyon afè etranjè chanm wot la, Evalière Beauplan, di Lavwadlamerik desizyon sa a pral bloke validasyon nouvo senatè yo.

Senatè a di: “Si 2 senatè OPL yo ak senatè pati fanmi Lavalas la deside pa patisipe nan seyans yo, chanm nan pap ka jwenn Korum pou fè yon seyans validasyon.”

Vis prezidan komisyon Afè Etranjè chanm sena a ajoute: “Plis prezidan Preval koninye fèmen zorèy li pou l’ pa tande revandikasyon senatè yo, se plis lap lage peyi a nan tchouboum.”

3 pati politik ayisyen--Fuzion, Oganizasyon Pèp an Lit (OPL) ak Inyon Sitwayen Ayisyen pou Devlopman ak Edukasyon (UCHADDE)-- te mande prezidan Preval pou l’ouvè yon ankèt sou rezilta senatoryal pasyèl yo, ki, dapre yo menm, te gen anpil iregilarite. Yon pwopozisyon sekretarya jeneral palè nasyonal nan Pòtoprens te rejte jedi 6 out la.

jleroy@voanews.com

klike sou ralonj anlè e adwat paj web la pou koute reaksyon senatè Evalière Beauplan an.

XS
SM
MD
LG