Accessibility links

Breaking News

Obama, Calderon ak Harper, lidè 3 Peyi Nò-Ameriken yo, ap Fè yon Somè nan Guadalajara, o Meksik


Prezidan ameriken an, Barack Obama, twouve l nan peyi Meksik pou yon somè nò-ameriken, sètadi yon somè avèk tokay meksiken n nan, Felipe Calderon e Premye Minis kanadyen an, Stephen Harper. Konseye La Mezon Blanch pou sekirite Nasyonal, jeneral retrete James Jones, fè konnen, pou sa k konsène relasyon ant Lèzetazini ak Meksik, misye Obama pral pwofite somè sa a pou l ranfòse kowoperasyon ant 2 peyi yo nan lit kont trafik dwòg la. Nap site jeneral Jones:

" An fèt, gouvènman Calderon nan travay avèk anpil kouraj an fas katèl yo e mwen panse, nou panse nou dwe fè tout sa n kapab pou n ede vwazen sa a, ede patnè sa a asire l ke nou reyisi nan efò sa a."

Nouvèl yo fè konnen youn nan tèm diskisyon ki sou pwogram somè a, se krent ki genyen pou maladi grip pòsin nan (viris H1N1) pa retounen ankò avèk plis fòs ke li te genyen nan kòmansman ane a nan Amerik du Nò, espesyalman nan Meksik ak Etazini. Se konsa vis-konseye pou afè sekirite nasyonal Lèzetazini an, John Brennan --ki responsab espesyalman kesyon anti-teworis nan Depatman sekirite Teritoryal-la-- pale sou dosye sa a pou l di pandan 3 lidè nò-ameriken yo ap nan vil Guadalajara kote somè a ap dewoule a, yo pral prepare yo pou yo plase kowoperasyon yo nan yon lòt nivo. Misye Brennan di:

"Sa Prezidan Obama pral fè nan somè sa a, se travay avèk Prezidan Calderon e Premye Minis Harper pou yo diskite sou sa nap fè, nan tèt ansanm, pou n fè fas ak defi a, yon fason pou n garanti ke depatman sante piblik 3 peyi yo ak otorite konsène yo travay ansanm sou dosye a nan yon kolaborasyon sere-sere."

La Mezon Blanch fè konnen depi Prezidan Obama te monte sou pouvwa a nan mwa janvye pase a, li deja rankontre 12 fwa (kantite konbine) avèk misye Calderon e misye Harper. 3 lidè yo va genyen pou yo fè plis rankont anvan lontan. Pa egzanp, tandiske misye Harper deja aksepte yon envitasyon pou l vizite La Mezon Blanch, li-menm, Prezidan Obama ak Prezidan Calderon gen plan pou yo asiste somè G-20-an ki pral dewoule nan vil Pittsburg, nan eta Pennsilvani, nan mwa Septanm kap vini la a.

Jdesmara@voanews.com

XS
SM
MD
LG