Accessibility links

Breaking News

Trajedi Aeryen Sou Flèv Hudson nan Nan Nouyòk


Washington, DC– Yon elikoptè touris ak 5 italyen abò li fè kolizyon samdi 8 out la ak yon ti avyon nan syèl flèv Hudson nan, nan vil Nouyòk. Otorite yo kwè tou le nèf pasaje ki te abò de aparèy yo pèdi lavi yo.

Aksidan an rive yon tikras apre midi, lè sou kòt nò-ès Lèzetazini, nan moman plizyè santèn moun (si se pa dè milye) te deyò ap pwofite bèl tan ak bon tanperati li fè nan Nouyòk jodi samdi a. Dapre majistra kominal vil la, Michael Bloomberg, "pèsonn pa ka chape nan yon aksidan konsa".

2 ayewonèf yo tonbe yon tikras osid kote, gen 7 mwa de sa, yon avyon konpayi aeryèn US Airways te ateri san fè viktim sou flèv Hudson nan. Men fwa sa a, menm mirak la pa fèt.

Majistra kominal Bloomberg deklare "pa pral genyen yon fen erez fwa sa a". Misye Bloomberg, kèk èd'tan apre aksidan an, di li panse se jis pou l deklare "kounye a misyon an kite stad operasyon pote-sekou a pou'l antre nan stad misyon rekiperasyon".

Premye sitwayen vil Nouyòk la di "sekouris yo repeche 2 kadav nan flèv la--youn ki tap flote lib e libè, youn ki te andedan epav elikoptè a, e yo repere lòt kadav pami debri yo. Viktim yo se 5 touris italyen ak pilòt elikoptè a e 3 moun ki te nan ti avyon an--pami yo, yon ti minè.

Temwen di ti avyon an, ki tap vole twò ba, al antre nan elikoptè a e, sou enpak kolizyon an, ayewoplàn nan pè di yon zèl e debri tou 2 al gaye nan flèv la.


XS
SM
MD
LG