Accessibility links

Breaking News

REKONPANS POU FIJITIF al-LIBI


Sitwayen libyen sa-a ki, dapre otorite yo kwè, kapab kache swa ann Afghanistan oswa nan Pakistan, gen 46 zan. Li mezure yon Mèt 33 de wotè, li peze apeprè 88 kilo-edmi, e li gen cheve nwa ak zye fonse. Li rekonu tou kom yon nonm ki abitye gen yon bab nwa e li utilize pseudo Younis, Hasan Qa”id, Mohammed Hassan Abu Baker, al Abu Yahya Younis ak Sahrawi.

Al-Libi se yon save islamik ki te chape an Jiyè 2005 nan Baz Ayeryèn Bagram-nan, ann Afghanistan, kote li te nan prizon. Depi lè sa-a, li parèt nan plizyè anrejistreman video pwopagann, kote li utilize fòmasyon relijyez-li pou enfluyanse moun e fè konprann aksyon rezo teroris al-Qayida-a lejitim. Msye se prensipal motivatè nan rezo mondyal djihadis-la e gen yon menas klè ki pase nan mesaj-li-yo.

Pwogram ki rele Rekonpans pou Justis-la ofri jiska 5 milyonn dola pou tout enfòmasyon ki pèmèt yo arete oubyen juje al-Libi. Lèzetazuni bay garanti ke lap mennen envestigasyon sou tout rapò li resevwa, e li pap devwale idantite moun ki bay enfòmasyon-yo. Si sa nesesè, Etazuni pare pou li deplase enfòmatè-yo voye-yo al’ abite lòt kote, pou li ka pwoteje-yo.

Si ou ta gen enfòmasyon sou nonm sa-a, kontakte Biwo Rejyonal Sekurite nan anbasad amerikèn ki pi pre-w la, avèk sit Entènèt ki pran ransèyman yo: http://www.rewardsforjustice.net. Oubyen voye yon kouryèl ak enfòmasyon-an ladan-n nan adrès e-mail sa-a: RFJ@state.gov

XS
SM
MD
LG