Accessibility links

Breaking News

Ansyen Prezidan Bill Clinton Jwenn Liberasyon 2 Jounalis Ameriken ki te nan Prizon nan Kore-Di-Nò


Administrasyon Obama a fè konnen 2 jounalis ameriken, Laura Ling avèk Euna Lee -ki te nan prison nan peyi Kore-di-Nò depi 5 mwa- jwenn liberasyon yo e yo an bòn santé. 2 Medam yo sou wout pou vil Los Angeles ansanm avèk ansyen prezidan ameriken Bill Clinton ki t al negosye miz-an-libète yo nan vil Pyongyang. Yo pral debake nan ayewopò entènayonal Los Angeles la byen bonè maten an. 2 jounalis yo te tonbe anba men otorite nò-koreyen yo aprè yo te antre pa erè sou tèritwa peyi a pandan yo te sou fwontyè Kore-di-Nò avèk Lachin. Bob Dietz, pòtpawòl Komite pou Pwoteksyon Jounalis ki baze nan New York, reyaji pou l di –nap site: «Natirèlman nou trè kontan menmsi nou pa panse se fen sitiyasyon an. Gen anpil bagay pou moun aprann sou sa k te pase vrèman sou fwontyè a, epi nou ta renmen konnen kijan yo te trete jounalis yo nan Kore-di-Nò. Men mwen pa panse sa k pase la a se yon siyal ki montre pwoblèm sa yo kapab jwenn solisyon. » Fen sitasyon.

Se kòm yon sitwayen prive misye Clinton te fè deplasman an nan Kore-di-Nò. Men kèk espesyalis fè konnen vwayaj sa a ouvè chemen an pou plis dyalòg ant Washington avèk Pyongyang. An tou ka, se pozisyon Yoon Duck-min, yon chèchè kap travay pou Enstiti Relasyon Etranjè ak Sekirite Nasyonal vil Seoul la, nan Kore-di-Sid. Daprè li, vizit la pote yon bon bourab bay gouvènman Kim Yong il la sou plan politik nasyonal la. Misye Yoon di : «Rankont Misye Clinton te fè ak Kim Yong Il la byen kapab pote yon sòt de estabilite nan efò Kore-di-Nò ap fè pou l lanse yon pwosesis pou siksesyon lidè peyi a. Pyongyang pral sèvi ak rankont sa a kòm yon pwen-d-depa pou plan Kim Yong Il genyen pou l pase pouvwa a bay pitit gason li, Kim Jung Ung. »

Bò kote pa l, Ryan Myers, yon pwofesè kominikasyon politik nan Inivèsite Dongseo, nan Seoul, e ki byen konnen fason machin pwopagann Kore-di-Nò a opere, panse vizit la pral ranfòse pèsepsyon Nò-koreyen-yo konsènan pwogram nikleyè yo a. Misye Myers di –nap site: «Vizit Bill Clinton nan lanse yon siyal depaman nan yon moman kote Washington ap eseye dekouraje Nò-Koreyen yo pou yo pa pwovoke peyi vwazen yo. » Fen sitasyon.

XS
SM
MD
LG