Accessibility links

Breaking News

Ansyen Prezidan Bill Clinton Rive Nan Pyongyang, Kapital Kore Di Nò


Ansyen Prezidan Bill Clinton nan vil Pyongyang, kapital Kore Di Nò, nan kad sa ki sanble yon demach pou l' jwenn liberasyon 2 jounalis amerikèn ki nan prizon depi plis pase 4 mwa nan nasyon kominis la. Anpil inivèsitè sid-koreyen panse vizit la se yon siy pozitif ki genyen yon dimansyon ki ale pi lwen ke sò 2 prizonyè yo.

Kèlkezè apre misye Clinton rive vè midi lokal nan kapital nò-koreyèn nan abò yon avyon prive, foto yon timoun nò-koreyen ak flè nan men li kap swete ansyen lidè ameriken an byenveni, jodi madi a, te deja fè letoudimond. Mr. Clinton resevwa yon bouke flè nan men yon ti elèv apre li te boukante kèk ponyen-men avèk kèk gwo responsab nò-koreyen sou pis ayewopò Pyogyang nan. Apre sa li monte abò yon otomobil san fè okenn deklarasyon.

Anons vizit sa a pa t' "filtre" nan laprès pazavan Bill Clinton te rive nan Pyongyang. Li rive kèk mwa apre bri tap kouri pou di Washington ka voye yon anvwaye espesyal pou al chèche jwenn liberasyon jounalis amerikèn Laura Ling ak Euna Lee.

Sòlda nò-koreyen te fè dap-piyan sou 2 jounalis yo nan fen mwa mas 2009 la sou fwontyè ki separe Kore Di Nò ak Lachin nan. Pyongyang te kondane yo a 12 zan travo fòse poutèt swadizan yo te antre ilegalman nan peyi a e komèt sa otorite yo rele "zak ostil grav" kont Kore Di Nò.

Kim Sung-han, se pwofesè etid Nò-koreyen nan Inivèsite Séoul nan Kore Di Si. Li di "mezavanti" jèn medam yo gen chans rive nan bout li anvan lontan.

Li ajoute se posib pou genyen anpil konvèsasyon dèyè pòt kap dewoule ant 2 peyi yo (Etazini ak Kore Di Nò). Le fèt Mr. Clinton deside fè vizit la, dapre misye Kim, sa vle di Kore Di Nò, siman dwe manifeste volonte pou l' libere 2 amerikèn yo.

Apa misye Clinton se ansyen prezidan Lèzetazini, li se mari aktyèl Sekretè Deta ameriken Hillary Clinton. Hong Hyun-ik, yon analis nane "Sejong Institute", di li gen konviksyon 2 medam yo pral jwenn liberasyon".

Hong fè konnen Korea Di Nò tap tann yon opòtinite pou li libere medam yo san li pa pèdi lafas. Prezans ansyen prezidan Etazini Bill Clinton nan Pyongyang, selon li, bay Kore Di Nò ouvèti li tap tann nan.
Anpil espesyalis nan Séoul, panse li preske sèten misye Clinton pral rankontre ak lidè nò-koreyen an, KIM JONG IL, malgre misye KIM sanble li "pa lasante" depi kèk mwa. Yo di rankont sa a louvri pòt pou yon "degèl" nan relasyon tansyon ki ekziste ant Pyongyang ak Washington nan.

Kim Yong-hyun se yon espesyalis Kore Di Nò nan Inivèsite Dongkuk nan Séoul.
Li fè konnen vizit sa a plis pase jwenn liberasyon 2 jounalis-yo. Li panse, vwayaj sa a louvri posibilite pou plis ouvèti nan relasyon Etazini-Kore Di Nò--e pou yo diskite sou kesyon difisil tankou pwogram nikleyè Kore Di Nò a.

Pwofesè Kim di genyen anpil bagay misye Clinton kapab akonpli antanke senp sitwayen. Li fè remake menmsi Bill Clinton pa ka aji nan non gouvènman ameriken an, ansyen prezidan an ka toujou aji kòm mesaje; li ka transmèt pozisyon Kore Di Nò bay prezidan Barack Obama.

XS
SM
MD
LG