Accessibility links

Breaking News

Ansyèn Prezidant Philippines Corazon Aquino Mouri Anba Kansè Colon


MANILLE, Philippines - Corazon Aquino, premye a fi prezidant nan Philippines, ki te kapote diktati defen prezidan Ferdinand Marcos la apre li te pran tèt yon revòlt popilè mouri samdi (vandredi nan loksidan) premye out 2009 la. Madan Aquino te reziste e chavire 7 tantativ koudeta nan 6 zan e ede ranfòse demokrasi ki te koumanse ap gazouye nan peyi li a. Aquino te genyen 76 zan.

Rebelyon pasifik li te dirije an 86 la te mete fen nan 20 tan rejim kraze-zo Marcos la e enspire manifestasyon "non-violentes" atravè glòb terès la--pami yo, rebelyon ki te mete yon pwen final nan rejim kominis ki te blayi nan peyi Ewòp de Lès yo.

Ansyèn lidè a, ki te toujou ap souri e ki te renmen abiye ak rad jòn, rete yon dam popilasyon an adore e respekte anpil nan Philippines, kote tout moun rele li ak afeksyon "matant Cory".

Raul C. Pangalangan, ansyen dwayen fakilte de dwa Inivèsite Philippines nan te di / sa pa gen lotan: " Nou tout genyen yon gwo dèt anvè Corazon Aquino". Li te genyen yon volonte solid e yon grenn objektif: desitire tout tras diktati a".

Pitit li, senatè Benigno "Noynoy" Aquino III, di manman li mouri samdi a 3:18 di maten, lè peyi Philippines.

Ane pase, doktè te dekouvri madan Aquino tap soufri ak yon kansè kolon ki te nan yon stad avanse. Li te pase plis pase yon mwa lopital.

Benigno Aquino 3 di kansè a gaye nan tout ògàn manman li e ke' l te twò fèb pou l' kontinye suiv tretman chimyoterapi.

Nan tout legliz atravè kapital philippine nan, Manille, patizan li yo te mete sou pye jounen priyè pandan yon mwa pou lapriyè Granmèt anfavè madan Aquino. Yo mete riban jòn nan branch tout pye bwa nan katye ansyèn chèf deta a te abite a nan vil Quezon.

Prezident Gloria Macapagal Arroyo, kap fè yon vizit ofisyèl semèn sa a Ozetazini, sonje defent la kòm yon "senbòl nasyonal ki te ede dirije yon revolisyon pou retabli demokrasi ak Eta De Dwa nan nasyon nou an nan yon epòk gwo danje".

"Li te pran mayèt la apre lanmò Ninoy e ede kondi nasyon nou an nan direksyon yon jou pi klere" .

Ninoy Aquino Jr. prezidant Arroyo site a, se te lidè opozisyon philippine nan e defen mari Corazon Aquino. Yo te asasinen li an 1983.

Madan Arroyo anonse yon dèy nasyonal 10 jou nan Philippines e Fòszame yo è konnen yo pral bay ansyèn prezidant Corazon Aquino onè militè total-kapital pandan lantèman li, yon salitasyon 21 kout kanno, e tout drapo edifis piblik nan Philippines ap monte demi-ma.

XS
SM
MD
LG