Natasyon / Rekò
Rekò du mond kontinye ap tonbe nan chanpyona du mond natasyon kap dewoule nan vil Wò m an Itali. Nan semi final kous 50 mèt papiyon an Olandè Marleen Veldhuis kouvri bat yon nouvo rekò nan distans sa a an 25 sekond 28. Sèb Milorad Cavic amelyore rekò ameriken Michael Phelps pou l bat yon nouvo rekò nan semi final kous 100 mèt papiyon an an 50 sekond pwen 01.
Ameriken Aaron Perison bat pwòp rekò l nan kous 200 mèt la planch la an 1 minit 51 pwen 92. Alman Britta Steffen bat pwòp amelyore pwòp rekò l nan kous 100mèt feminen naj lib la ke li ranpòte an 52 pwen 07.
Foutbòl/ Eròp
Ansyen dirijan football angle Bobby Robson mouri ak yon kansè. Li te gen 76 zan. Robson te antrene seleksyon Angle a an 1990 . Avan sa li te antrene klub tankou PSV Eindovhen, Sporting de Lisbon, FC Porto ak Barselòn.
Siklis/ Dopaj
Unyon Siklis entènasyonal la suspann pou 2 zan siklis Italyen Riccardo Ricco apre li te teste pozitif nan kous bisiklèt Tour de Frans la an 2008. Federasyon siklis Italyen an enpoze Riccardo Ricco yon suspansyon pou 2 zan tou.
Tennis
Tchèk Lucie Hradecka kalifye pou semi final tounwa tenis Istanbul la apre li kale Polonè Marta Domachowska 6-1, 5-7, 6-4. Tchèk la pral rankontre nan semi final la ak Andrea Petkovic. Espayòl Medina Garrigues ap rankontre Swis Timea Bacsinszky pat gen difikilte pou bay Polonè Urszula Radwanska 6-0, 6-1.
Nan semi final tounwa tenis Swis la Rus Andreev ap rankontre ak Brezilyen Tomaz Bellucci epi brezilyen Marcos Daniel ap fè fas ak Andreas Beck.
Foutbòl / Etazini
Demen Samdi a nan Los Anjeles ekip lokal la L A Galaksi ap akeyi F C Barselòn nan kad yon match amikal entènasyonal. Plis pase 70 mil fanatik déjà achete tikè yo pou rankont la.
Nan lig foutbòl balonwon ameriken an New England Revolution ap akeyi Toronto Foutball Klub. Kansas Citi Wizards ap vizite Dallas. Reyal Salt Lake pral mate balon lakay Chikago Fire. DC United ap fè yon kout pye lakay Houston epi Kolorado Rapids ap akeyi Colombus Crew.
KONKAKAF/ Foutbòl
Nan premye tou match lig chanpyon KONKAKAF la CD Olympia ranpòte yon viktwa tou mens devan Arabe Unido 2 a 1. Cruz Azul pilon-nen CS Herediano 6 a 2. New York Red Bulls konsole l ak yon nul 2 a 2 fas a W Connection.
Boxe
Ansyen chanpyon pwa lou Rus Sultan Ibragimov deside pran retrèt plis pase yon lane apre li te pèdu tit la devan Ukrenyen Wladimir Klitschko. Ansyen chanpyon pwa lou a Òganizasyon Mondyal Boks la mete fen nan karyè l ak yon palmarès 22 viktwa pami 17 KO 1 defèt ak 1 nul.