Accessibility links

Breaking News

Meksik ap Pare pou Akeyi Etazini


Foutbòl/ KONKAKAF

Antrenè seleksyon Meksik la Javier Aguire konvoke 12 jwè ki sot ede seleksyon an ranpòte koup dò KONKAKAF la an preparasyon ak match kalifikatif koup du mond kont Etazini 12 Out kap vini la a nan Meksiko Siti. Li pa sanble oken nan jwè ameriken ki te patisipe nan rakle 5 a 0 Meksik te pase Etazini ap prezan nan rankont la kap jwe nan stad Aztèk la-yon kote Etazini poko janm ranpòte la viktwa.

Koup du Mond / Tikè

Responsab komite òganizatè koup du mond Afrik du Sud 2010 la fè konnen juska prezan se fanatik foutbòl Eropeyen ak peyi nan Amerik yo ki achete pifò tikè konpare fanatik kap viv sou kontinan Afriken an. Danny Jordaan fè konnen pwobableman fanatik yo ap tann pou konnen si peyi yo ap kalifye avan yo achte tikè pou rankont yo. Dapre responsab pifò tikè yo vann Ozetazini ak an Eròp. Gana klase nan tèt lis la pou kontinan Afriken an

KONKAKAF/ Lig Chanpyon

Nan lig chanpyon KONKAKAF la klub Liberia Mia wouze Real Espana 3 a 0 nan kad match ale lig chanpyon KONKAKAF la. San Francisco pilon-nen San Juan Jabloteh 2 a 0 epi Porto Riko Islanders ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan Toronto foutbòl Klub.

Foutbòl/ MLS

Klub foutbòl Angle Everton kale yon seleksyon supèvedèt lig foutbòl ameriken an 4 a 3 sou tir de penalite apre tan reglemantè a te fini 1 a 1.

Foutbòl / Amerik

Seleksyon Juniò Ostrali a tronpe tokay ameriken yo ak yon viktwa 3 a 1 nan kad yon tounwa foutbòl kap dewoule an Arjantin.

Foutbòl/ Koup du Mond

Ostrali ajoute la Oland sou lis peyi li gen pou l rankontre le 10 Oktòb nan vil Sidney nan kad match amikal entènasyonal an preparasyon ak faz final koup du mond Afrik du Sud 2010 la. Pami lòt peyi antrenè Olandè Guus Hindrick gen sou lis la nou jwen le 12 Out kont Irland, Kore du Sud 15 Septanb avan yo rankontre 4 seleksyon Azyatik , Oman , Koweit, Endonezi ak yon lot peyi responsab yo pa anonse soti Oktòb pou rive an Mas 2010.

Tennis

Jwè tenis Tchèk Lucie Hradeck kalifye pou kar de final tounwa tenis koup Istanbul la apre viktwa an 2 set a 1 li ranpòte devan alman Julia Goerges 2-6, 6-4, 6-1.

Alman Andrea Petkovic te bezwen 2 manch pou l debarase l de Paragweyen Rossana de Los Rios 6-1, 6-0.. Polonè Urszula Radwanska te fè anpil efò avan li kale Belarus Ekaterina Dzehalevich 7-5, 1-6, 6-4.

Franse Florent Serra kalifye pou kar de final tounwa tenis Open Swiss la kap dewoule nan Gstaad. Serra ranpòte rankont la apre Woumen Victor Hanescu abandone pandan 2 zièm manch la. Sera pral rankontre ak Brezilyen

Marcos Daniel ki elimine an 2 manch franse Julien Benneteau 6-3, 7-6. Venkè tounwa a ap pote lakay li plis pase 101 mil dola.

Rus Marat Safin kale Letonyen Ernsts Gulbis 2-6, 6-3. 6-4 nan 2 ziém tou tounwa tenis Open Los Anjeles la.

Rus Maria Sharapova kale konpatriòt li Nadia Petrova 6-1, 6-2 pou l pase nan 2 zièm tou tounwa tenis feminen West Classics la kap dewoule nan Stanford, Kalifòni.

XS
SM
MD
LG