Accessibility links

Breaking News

Konsèy Elektoral Pwovizwa a Revoke Visprezidan Li a, Rodel Pierre


Rodol Pierre, visprezidan Konsèy Elektoral Pwovizwa a, pèdi pòs li apre li refize prezante ekskiz piblik pou akizasyon "magouy" li lanse nan koumansman semèn nan kont prezidan enstitisyon an, Frantz Gérard Verret, osijè rezilta eleksyon senatoryal pasyèl nan depatman sid la.

Dapre Pierre, misye Verret ta "chanje" rezilta dezyèm tou senatoryal la nan avantay pati sou pouvwa a (Lespwa) nan rejyon sid peyi Dayiti--akizasyon misye Verret demanti nan yon entèviou li te bay Lavwad'lamerik.

Mèkredi pase, CEP a te bay vis-prezidan an vennkatrè pou l' prezante ekskiz li bay prezidan CEP a.

Okontrè, nan jedi li bay yon konferans pou laprès pou l' repete e kenbe kin'alaganach akizasyon li yo.

Pou le moman, Korespondan nou Clarens Renois pa di si misye Pierre reyaji apre desizyon sa a.

NB: Fè yon klik sou ralonj ki anwo e adwat paj la pou devlopman sa a.

XS
SM
MD
LG