Accessibility links

Breaking News

Cabri Littéraire 2009: Eksplikasyon Dr. Frantz A. Leconte


Chak ane, kominote entelektyèl ayisyen an Ozetazini, pi espesyalman nan Long Island, Eta Nouyòk, òganize yon reinyon kiltirèl li rele "Cabri Littéraire". Se yon reinyon ki rasanble ekriven, "littérateurs" ak poèt, pou selebre patrimwàn kiltirèl peyi Dayiti.

Jodi a Jacques Jean-Baptiste ap pale ak Doktè Frantz Antoine Leconte, youn nan òganizatè yo pou yon avangou sou fèt kiltirèl e atistik sa a kap selebre kilti ayisyèn nan pandan lap kontinye nan menm moman an yon tradisyon ki te koumanse avèk kèk ekriven "poto-mitan", kèk "écrivains-phare" ayisyen (ki ekri nan lang kreyòl kou nan lang franse) tankou: Félix Morisseau-Leroy ak Jean Brière, pou nou site sïlman de sa yo.

NB: Fè yon klik sou ralonj ki anwo, adwat paj web la, pou n' tande entèviou ak Doktè Leconte la.

XS
SM
MD
LG