Direktè 2 pi gwo rezo medya gouvènman federal ameriken an finanse, an palan de Lavwadlamerik ak Radyo Ewòp Lib/Radyo Libète, fè depozisyon yo jedi 23 jiyè 2009 la devan yon komisyon nan Kongrè a kote yo fè konnen 2 estasyon radyo sa yo jwe yon gwo wòl nan travay pou fè piblik etranje yo jwenn bon jan enfòmasyon, espesyalman nan peyi kote gen baboukèt sou libète laprès. Nan okazyon seyans depozisyon sa a, Depite Demokrat Robert Wexler --prezidan komisyon ki tap tande 2 direktè yo, Danforth Austin pou Lavwalamerik, avèk Jeffrey Gedmin, pou Radyo Ewòp Lib/Radyo Libète—eben, Depite Wexler pale nan menm sans ak direktè yo lè li di 2 estasyon sa yo jwe yon wòl-kle kòm sa li rele “2 zouti puisan e entèlijan” kap fè fas ak defi politik nan divès peyi, santiman anti-ameriken, ak efò kèk gouvènman ap deplwaye pou yo kontrarye travay laprès. Nap site egzatteman deklarasyon Depite Robert Wexler a:
"Radio Ewòp Lib /Radyo Libète ak Lavwalamerik reprezante zouti puisan e entèlijan ki twouve yo devan sèn konba a nan travay radyo-teledifizyon entènasyonal kote yap bay lemond enfòmasyon nan bon mamit nan divès kalte lang e sou divès kalte fòm, e yo travay kòm sous nouvèl ki ranplase medya lokal ou nasyonal yo nan peyi kote libète laprès pa egziste."
Pandan seyans depozisyon an, Depite Wexler fè konnen prezidan Obama fè radyo-teledifizyon entènasyonal tounen yon gwo priyorite pou politik etranjè administrasyon n nan; e, daprè depite a, li trè zenpòtan pou Kongrè a bay medya gouvènman federal la finanse yo zouti yo bezwen pou yo kontinye fè enfòmasyon sikile an tout libète a travè lemond.
Kongrè a aprouve yon dekèsman 746 milyon dola pou aktivite radyo ak televizyon entènasyonal yo (pami yo gen VOA ak Radyo Ewòp Lib/Radyo Libète) pou ane fiskal 2009-2010 la.
Jdesmara@VOANEWS.com